Accessibility links

Breaking News

Paran, Ede Timoun Nou Yo Konbat KOVID-19, Maladi Kowonaviris Bay la


Ti moun nan Peyi Sengapour k ap jwe avèk kachne nan figi yo. (Foto: Reuters).
Ti moun nan Peyi Sengapour k ap jwe avèk kachne nan figi yo. (Foto: Reuters).

Konsèy pratik Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay pou manman ak papa timoun yo ede pitit yo konbat pwopagasyon KOVID-19, swa maladi kowonaviris la bay la:

1.- Siveye pitit ou ak anpil atansyon pou w ka dekouvri bonè nenpòt ki siyn maladi lakay li;

2. Siveye timoun nan pou w detekte nenpòt ki siyn ki ta montre li strese, li fatige, kidonk, li pa aktif jan li abitye ye nòmalman;

3. Montre timoun yo obsève sa ki rele “pratik prevantif chak jou yo”, oubyen “pratik bon lijyèn chak yo “, tankou lave men avèk respekte distans sosyal la;

4.- Ede pitit ou rete aktif; ankourajwe l pou l fe mouvman, sa ki va satisfè kèk nan kondisyon ki nesesè pou bay yon moun yon bòn sante;

5. Ede pitit nou yo rete konekte ak lòti moun parèy yo; paske si y ap viv avèk santiman ke yo izole, sa ka kreye lakay yo yon etadam ki pa bon ni pou fizik yo, ni pou moral yo.

XS
SM
MD
LG