Kabinè Palestinyan an demisyone, sa ki fè pati yon plan remaniman, men premye minis Salam Fayyad ap rete nan pòs li.
Otorite yo fè konnen kabinè a te soumèt demisyon ni bay Prezidan Mahmoud Abbas lendi 14 fevriye 2011 la.
Prezidan an gen pou l otorize Mesye Fayyad pou l fòme yon nouvo gouvènman an konsiltasyon avek divès faksyon palestinyen ---yon pwosesis ki sanble pral pran plizyè semèn.
Mesye Abbas te aksepte pase men sa a kèk jou apré prezidan otoritè ejypsyen an, Hosni Mubarak bay demisyonn sou pouvwa a anba anpil presyon yon soulèvman populè ki te fèt pou mande refòm politik nan lòt pati mond arab la.