Accessibility links

Breaking News

J.R Martinez Ranpòte 13èm Edisyon : “Dancing with Stars”


Yè swa se te final “Dancing with the Stars”. Twofe a al jwenn aktè sinema e veteran nan la gè Irak J. R. Martinez ki ranpòte 13èm edisyon an. Twofe MirorBall la al jwenn tou patnèl la Karina Smirnoff.

J. R Martinez ak Karina ranpòte konpetisyon an sou koup Ricki ak Derek ki yo menm tou te ofri yon bèl spektak. Konsa rido yo tonbe sou konpetisyon sa a Dancing with the Star ki gen anpil fanatik Ozetazini e nan le mond

Emmanuel Pierre-Antoine , yon dansè pwofesyonèl , natif-natal peyi Dayiti, youn nan pi gran dansè nan lemond ba nou enpressyon sou viktwa J. R Martinez la .

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Jacquelin Bélizaire.

XS
SM
MD
LG