Accessibility links

Breaking News

Ayiti ak Taywann Anonse Ranfòsman Kowoperasyon


Ayiti ak Twaywnn Anonse Ranfòsman Kowoperasyon
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:47 0:00

Prezidan Jovenel Moise nan tèt yon delegasyon, rankontre Prezidan Taiwan nan, Tsai Ing-wen, nan kad vizit 5 jou l ap fè nan peyi Azyatik sa a.

Chef deta 2 peyi yo siyen yon lèt pou ranfòse kowoperasyon yo nan domèn agrikilti, enèji, teknoloji ak envestisman.

Prezidante peyi Taywann, TSAI Ing-wen, ki te pran lapwòl nan seremoni ofisyèl byenveni pou chèf leta ayisyen an, renouvle volonte li di Taywann genyen pou l kontinye kowopere ak Ayiti.

Prezidan aysiyen an, Jovenel Moïse, bò kote pa l, te prezante e defini bay tokay taywanèz li, pwogram Karavann Chanjman li an.

Prezidan Jovenel Moïse ekri sou kont Twitter li pou l di: " Rankont sa a antre nan kad kowoperasyon 2 peyi yo.

Vizit premye sitwayen ayisyen nan Taywann ap fèt nan moman nouvèl fe1 kwè Lachin ap chache soudwaye yon seri peyi pou koupe fache ak Taywann pou gen relasyon diplomatik ak li an echanj pou l bay yo asistans ekonomik.

Pou politològ Gracien Jean, se pa konsa yon peyi deside abandone Taywan an favè Lachin men se pito apre yon etid apwofondi politik ak ekonomik.

Pi lwen, Senatè Repibliken eta Florid la Marco Rubio ekri sou kont Twitter li :"Se yon gwo bagay dèske nou wè Prezidan Jovenel Moise pran desizyon pou l vizite Taipei pou ranfòse patenarya ant Ayiti ak Taiwan. Espwa mwen sèke relasyon sa a pral kontinye vale teren. Etazini ta dwe ankouraje lòt peyi pou ranfòse rapò yo ak Taiwan, yon patnè enpòtan ki pataje prensip demokratik yo.

XS
SM
MD
LG