Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moise Sèmante pou l Konbat Koripsyon


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, (nan mitan) pandan li tap antre nan Palè Nasyonal.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, (nan mitan) pandan li tap antre nan Palè Nasyonal.

Prezidan ayisyen an, ki sot pase 3 jou nan nò peyi a, nan okazyon fèt patwonal Kap Ayisyen ak Wanament, anonse plan li genyen pou l konbat koripsyon nan administrasyon piblik la.

Prezidan an fè konnen li pa posib pou anplwaye piblik yo ap anrichi yo pandan pèp la li menm ap soufri. Men li pat bay okenn detay sou ki jan ekzakteman li pral rezoud pwoblèm sa a.

Pandan pasaj li nan nò a, Prezidan Jovenel Moise inogire yon sant dyaliz nan Kap Ayisyen e li pwomèt peyi a pral gen kouran 24 trè sou 24 san li pa bay plis presizyon.

XS
SM
MD
LG