Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Denonse "Yon Konplo kont Prezidan Jovenel Moise"


Prezidan Jovenel Moise
Prezidan Jovenel Moise

Chèf Polis Nasyonal d Ayiti a (PNH), Léon Charles, fè konnen fòs sekirite yo dejwe yon konplo ki, daprè Premye Minis Joseph Jouthe, te vize lavi Prezidan Jovenel Moise. Men kèk ekstrè nan deklarasyon Misye Charles fè sou kesyon an nan jounen dimanch 7 fevriye 2021 an.

" Depi kèlke tan nou t ap obsève yon mouvman k ap fèt anndan enstitisyon an avèk de moun ki pa nan enstisyon an. E enfòmasyon sa yo pèmèt nou monte maten an operasyon n ap pale de li la a kounyela a avèk plizyè antite de PNH, sitou des unités spécialisées, nou mennen operasyon an akonpaye de 2 commissaires du gouvernement et d'un juge de paix. Rezilta a ban nou chif sa yo ke PM nan e Minis Justice la mansyone.

Leon Charles, Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Leon Charles, Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH).
Deklarasyon Chèf Polis Nasyonal la, Léon Charles.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:53 0:00

"Nan Anbitasyon Tibwa, apre prè de 4 h. ke operasyon an te dire, nou pwosede alarestasyon de 23 personnes, dont le juge à la Court de Cassassion et une inspectrice générale de la Police Nastionale. Nou te sezi tou 2 fizi M14, yon mini wouzi avèk 3 pistolè de kalib 9 milimèt. En présance de juje de paix, ka sa yo te kòmanse vèbaliz e le Directeur Central de la Police Judiciaire te resevwa moun sa yo sou ordre de juge de paix, pou l kontinye travay de rechèch sa a.

"Men m ap pwofite pou m di ke resaman lapolis la te gen pou l te fè fas ak plizyè éléments déviants de notre force de sécurité publique. E n ap batay pou n eradike eleman sa yo ki pa fè onè ak enstitityon an. E malerezman, kèlke jou plus tard, nou gen pou n site devan laprès atitid/konpòtman yon enspektris jeneral.…. Sa pa fè onè a enstitisyon an. Nan ka sa a, ke lajistis fè travay li."

Deklarasyon Premye Minis Joseph Jouthe
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:12 0:00
Minis Jistis la Rockfeller Vincent ap pale de "konplo kont Prezidan Jovenel Moise la"
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:59 0:00

Minis jistis ayisyen an, Rockfeller Vincent, kore deklarasyon chèf PNH la e li fè konnen moun ki mele nan konplo a e ki anba men lapolis, pral reponn kesyon lajistis. Premye Minis Joseph Jouthe, menm jan ak Minis Vincent, presize lapolis mete men sou non sèlman zam, men tou sou lajan ki te lakay yon jij ki mele nan konplo a. Daprè chèf gouvènman an, konplotè yo te kontakte kèk wo-grade nan Palè Nasyonal pou yo “te arete Prezidan Jovenel Moise epi fasilite enstalasyon yon nouvo prezidan pwovizwa pou fè yon tranzisyon.”

Mèt André Michel, dirijan Opozisyon Demokratik e Popilè a.
Mèt André Michel, dirijan Opozisyon Demokratik e Popilè a.

Yon dirijan Opozisyon Demokratik e Popilè a, Avoka André Michel, di “pa gen deba, Jovenel Moise pa prezidan ankò.” Pou Mèt Michel fè yon deklarasyon konsa, li di li repoze l sou sa li rele “Rezolisyon 6 Fevriye 2021 a ki konstate fen manda Jovenel Moise.” Dapre li, rezolisyon sa a pote siyati Conseil Supérieur du Pouvoir JudiciaIre (CSPJ), “enstitisyon ki gen dènye mo a nan tout konfli politik ou jiridik….”

Reyaksyon lidè opozisyon André Michel sou kriz la ann Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:12 0:00

Anfen Misye Michel denonse konpòtman chèf polis nasyonal la, Léon Charles, ki, daprè li, rate yon okazyon pou l montre li genyen “grandeur d’âme”. André Michel fini pa di, “Olye Léon Charles al arete Jovenel Moise, l ap mache ap arete lidè opozisyon an.” Anvan sa nan lajounen an, menm lidè opozisyon sa a te denonse otorite PNH yo nan Depatman Nip poutèt “yo te atake kay ansyen Senatè Nènè Cassy epi yo te mete lavi papa l ak manman li an danje.”

---------------------------------------------------------------------------------------------

(NÒT: Nan moman n ap pibliye atik sa a (11:30PM, lè Washington, lè Pòtoprens), nou pa konnen ki kote Prezidan Jovenel Moise ye, ni si otorite yo libere kèk nan moun yo te arete sou akizasyon deske yo ta swadizan mele nan yon konplo kont lavi lidè ayisyen an).

XS
SM
MD
LG