Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Reyaksyon P.M. Jouthe sou Rapò Depatman Deta a sou Dwamoun ann Ayiti


Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe..
Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe..

Chèf gouvènman ayisyen an deklare, antwòt: "Anbasad amerikèn konnen trè byen kouman lajistis fonksyone, paske nou sanble ak sa k ap fèt Ozetazini. Li konen byen ke Legzekitif pa gen anyen pou l wè… pa gen anyen li ka regle dans une affaire de justice...".

Premye Minis ayisyen an, Joseph Jouthe, bay reyaksyon gouvènman l lan sou rapò anyèl Depatman Deta ameriken an pibliye pou ane 2020 an sou sitiyasyon dwamoun atravè lemond, kote responsab diplomasi Lezetazini yo denonse anpil move zak ki, daprè yo, te fèt nan Peyi d Ayiti pandan peryòd konsidere a.

Rapò a pale de plizyè atak ki te dewoule nan katye popilè yo (Site Solèy, Bèlè, La Salin, elt.) kote enkoni ame te touye anpil moun nan popilasyon sivil la. Edisyon 2020 dokiman an site rapò kèk gwoup dwamoun ak kèk sektè nan sosyete sivil la ann Ayiti ki enplike ofisyèl gouvènman an nan atak sa yo, tankou ansyen polisye Jimmy Chérisier, alyas Barbecue, avèk antwòt 2 ansyen ofisyèl Depatman Enteryè: Joseph Richard Duplan ak Fednel Monchéri.

Nan yon konferans pou laprès Premye Minis Jouthe bay mèkredi 31 mas 2021 an, li rejte akizasyon rapò Depatman Deta lage sou do gouvènman an pou sa ki gen rapò ak lantè aksyon leta ayisyen –ou tou senpleman absans total aksyon leta ayisyen- pou fè limyè sou diferan ka asasina ki te rive pandan ane 2020 an. Misye Jouthe di otorite ameriken yo sipoze konnen kijan sistèm jistis la opere an Ayiti, puiske li pa tèlman diferan ak jan sa fèt Ozetazini; li ajoute afè rapò a mansyone yo pa nan men pouvwa egzekitif la, men pito nan men lajistis ki gen pou fè yon travay endepandan sou diferan ka yo. Men deklarasyon chèf gouvènman ayisyen fè pandan li t ap reponn kesyon laprès sou dosye sa a:

“Anbasad amerikèn konnen trè byen kouman lajistis fonksyone, paske nou sanble ak sa k ap fèt Ozetazini. Li konen byen ke Legzekitif pa gen anyen pou l wè… pa gen anyen li ka regle dans une affaire de justice. Mwen li plizyè rapò òganizasyon dwamoun yo fè sòti; yo toujou pale de moun sa yo; nou konnen yo pi byen pase m, paske m tande non yo nan bouch laprès tanzantan. Sa vle di se lajistis ki pou fè travay li. Egzekitif la fè job li deja: li libere moun yo; yo se de senp sitwayen ke jij denstriksyon an pa bezwen otorizasyon pèsonn pou l envite.

Si nou gade, n ap wè lòt jou mwen t al wè ak yon jij k ap ankete sou ka Mèt Dorval. Mwen te ale pandan m Premye Minis. Si mwen te ale, sa vle di Legzekitif pa kanpe an kwa deyè sa a ditou. Ke lajistis fè job li; ke majistra yo konvoke moun ki endekse nan rapò sa yo pou y al reponn kesyon lajistis, pou yo konnen si te gen masak, kiyès ki te fè l, ak kisa l te fè l, ki corps du délit ke yo gen nan men yo. Sa vle di, Legzekitif pa gen anyen pou l fè nan sa.

2èm pwen: Anbasad amerikèn mande pou gouvènman an pwoteje popilasyon an. Se sa menm n ap fè, nan detente vit machin yo, nan demantle gang, nan kanpe zam k ap sòti Ozetazini pou rantre nan peyi a. E n ap pwofite mande otorite ameriken yo pou yo ede nou veye anpil zam k ap sòti Ozetazini pou antre nan peyi a vin simen dèy nan la société haïtienne.”

XS
SM
MD
LG