Accessibility links

Breaking News

Jounalis Jean Richard Louis-Charles Mouri Asasinen nan Pòtoprens


Port-au-Prince, Ayiti (foto achiv)
Port-au-Prince, Ayiti (foto achiv)

Nan moman moun te kòmanse panse atak sou jounalis ann Ayiti sete deja yon fenomèn pase, laprès nan Pòtoprens, kapital la, pran yon gwo kou mèkredi 9 fevriye 2011 la avèk asasina repòtè Jean Richard Louis-Charles ki t ap travay pou Radyo Kiskeya. Nouvèl yo fè konnen Misye Louis-Charles t ap sòti nan yon bank kote li te fèk fè yon tranzaksyon lè 2 moun te ouvè kout-zam sou li e yo tire li nan tèt. Yon polisye an sivil ki te sou plas reponn kif-kif e li touye youn nan atakan yo; apre sa lapolis jwenn yon pyès idantite sou atakan ki mouri a e yo jwenn li te rele Jean Wilner Duperval.

Nan yon nòt pou laprès Minis Kilti ak Kominikasyon peyi Dayiti a, Marie Laurence Jocelyn Lassègue, pibliye nan menm jounen mèkredi 9 fevrieye, li di -n ap site:

"Yon ankèt ouvè sou asasina jounalis Jean Richard Louis-Charles. Ministè Kilti ak Kominikasyon prezante kondoleyans li bay Radyo Kiskeya ak tout kò laprès la... Ministè a fè polilasyon an konnen jèn jounalis Jean Richard Louis-Charles tonbe anba bal enkoni ki te ame e ke yo pa idantifye. Jean Richard Louis-Chrles pran yon bal nan tèt e li mouri la menm;li potko gen 30 tan. Pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal la, Gary Desrosiers, di gen yon ankèt ki deja louvri pou fè limyè sou sikonstans ki te antoure asasina jounalis la. Pandan gouvènman ayisyen an mande lajistsi ak lapolis prese pase a laksyon, li prezante kondoleyasn sensè li bay fanmi Jean Richard Louis-Charles, pwòch kolaboratè ak kolaboratris li yo, Radyo Kiskeya, menm jan li prezante yo tou bay asosyasyon ak responsab laprès yo."

Lavwadlamerik pale ak pòtpawòl Polis Nasyonal Dayiti, Gary Desrosiers, ki konfime pou nou otorite yo ouvè yon ankèt pou yo jwenn e arete lòt moun ki ta enplike nan asasina a.

Oganizasyon defans dwa jounalis, Reporter Sans Frontières (RSF), ki gen baz li nan peyi Lafrans, di se avèk gwo tristès li aprann nouvèl lanmò jounalis Jean Richard Louis-Charles e li prezante kondoleyans li bay madanm Louis-Charles ak 2 pitit-fi viktim nan kite dèyè, bay 2 ko-direktè Radyo Kiskeya, Liliane Pierre-Paul ak Marvel Dandin, e bay tout ekip radyo a. RSF siyale se premye jounalis ki tonbe sou kontinan ameriken an depi ane 2011 la te kòmanse.

XS
SM
MD
LG