Accessibility links

Breaking News

Pri Jenn Jounalis Frankofòn Ayisyen an / 4èm Edisyon


Yon mikwo se yon zouti sansib e frajil. Souvan se an dirèk jounalis itlize li. Konn kijan w ap sèvi avèk li. Sonje tit liv la: "Les risques du direct."
Yon mikwo se yon zouti sansib e frajil. Souvan se an dirèk jounalis itlize li. Konn kijan w ap sèvi avèk li. Sonje tit liv la: "Les risques du direct."

“Jenès ann Aksyon”: Se tèm ki sèvi ane sa a pou lansman 4èm edisyon Pri Jenn Jounalis Frankofòn ann Ayiti. Daprè yon atik ki parèt sou paj entènèt Radyo Metwopòl (Radio Métropole), edisyon lendi 24 septanm 2018 la, nan okazyon an yon konferanspoulaprès te dewoule madi 18 septanm nan nan lokal FOKAL “pou make ouvèti enskripsyon kandida yo.” Pèsonalite ki te dirije konferans la, sete Emmanuel V. Adjovi, direktè Biwo Rejyonal Oganizasyon Entènasyonal Frankofoni an.

Daprè atik la, <<Jenès ayisyèn nan ap pran distans li deplizanpli avèk woutin, avèk yon sistèm “fait akonpli, reziyasyon” gras avèk dinamism li; e se yon konsta moun fè nan divès domèn: lèza ak lakilti, angajman jenn yo sou plan sivik ak kominotè,bab sektè devlopman ak mond biznis la. >> Larezondèt tèm ane sa a, se brake limyè a sou aspirasyon, defi, inisyativ ak konba segman d’aj sa a nan sosyete a ki fòme majorite popilasyon peyi a. Epi dayè, òganizatè yo chwazi tèm nan pou yo montre ke inisyativ sa a ofri yon okazyon pou yo fè moun konnen jenès sa a pi byen –yon jenès ki itilzie mwayen pa li pou l mete mak pèsonèl li sou sosyete ayisyèn nan.

"A Free Press Needs You" : "Yon Près Lib Bezwen Nou". Se tit yon editoryl ki te parèt sou jounal The New York Times nan New York nan dat 16 out 2018. Yon près lib bezwen repòtè lib.
"A Free Press Needs You" : "Yon Près Lib Bezwen Nou". Se tit yon editoryl ki te parèt sou jounal The New York Times nan New York nan dat 16 out 2018. Yon près lib bezwen repòtè lib.

Oganizatè katriyèm edisyon Pri Jenn Jounalis aan Ayiti se: l'OIF an kowoperasyon avèk Ministè Kilti, Anbasad Peyi Kanada, Lafrans, Lasuis, Biwo Wallonie Bruxelles International, UNESCO, Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Le Centre Pen-Haïti, Rezo Bloggeurs d'Haïti (RBH), Radyotelevizyon Pasifik, Jounal « Le National », ajans ayisyèn près an-liyn « AlterPresse », « Le Monde Diplomatique », Médiapart, Sûrtab et Libreri La Pléiade.

Tout moun ki gen ant 18 e 35 an ki enterese (kondisyon: fòk w ap viv ann Ayiti) gen yon delè k ap fini nan dat 16 novanm 2018 pou yo soumèt repòtaj ekri oubyen radyofonik yo sou entènèt la nan lang franse a.

XS
SM
MD
LG