Accessibility links

Breaking News

Enpòtans Fèt Endepandans lan (4 Jiyè) pou Ameriken


Jeneral Washington pandan selebrasyon fèt endepandans peyi a, 4 jiyè nan Mount Vernon. Li se te premye lidè ameriken apre endepandans Lèzetazini.
Jeneral Washington pandan selebrasyon fèt endepandans peyi a, 4 jiyè nan Mount Vernon. Li se te premye lidè ameriken apre endepandans Lèzetazini.

Lè Jou Endepandans la rive, Ameriken selebre “non sèlman endepandans yo ak dwa yo, men tou dwa tout pèp atravè lemond.”

Lèzetazini te deklare endepandans li nan men La Grand Bretay nan lane 1776 yon fason pou l te garanti dwa natirèl e enkontestab tout Ameriken. Pami dwa sa yo genyen, antwòt: “dwa lavi, dwa libète ak dwa pou nou chache le bonè.”

Lè Thomas Jefferson, prensipal otè Deklarasyon Endepandans la, te itilize ekspresyon “dwa natirèl e enkontestab la”, li te reklame 2 bagay ki makònen ak dwamoun nou. Premyèman, se pa gouvènman an ki ban nou dwa sa yo; se dwa nou genyen menmsi gouvènman an pa respekte yo. Dezyèmman, menmsi n ta vle, nou pa kapab sede dwa sa yo bay gouvènman an. Pèsonn pa ka pran yo nan men nou; menm jan nou pa kapab fè moun kado yo.

Misye Jefferson te fèt atansyon anpil pou l te defini dwa nou yo konsa, paske definisyon sa a jistifye desizyon nou te pran pou nou deklare endepandans nou vizavi La Grann Bretay. Jefferson te di:

“ Sèl lè li legal pou moun revòlte, se si “aprè gouvènman an fin pase yo bon tan ap komèt abi ak dappiyanp ilegal sou pouvwa a”, li kontinye refize respekte e garanti dwa sitwayen yo. “

Dènye rekou Ameriken yo te genyen, sete fè yon Revolisyon. Yo te oblije kreye yon kò Gad ame pou sekirite yo nan lavni, kòm reyaksyon kont yon gouvènman ki non sèlman tap egzèse yon pouvwa diktatoryal, men tou ki “te montre aklè li te gen volonte pou l mete yo anba yon dominasyon boutdi total-kapital.”

56 delege ki te siyen Deklarasyon Endepandans la pat pran devwa yo a la lejè. Yo tap kouri risk pou moun akize yo deske yo te komèt trayizon kont gouvènman britanik la; men yo te rekonèt akonplisman devwa sa a sete yon nesesite. Benjamin Franklyn, ki te pi granmoun pami delege yo, te di: “A la verite, nou tout ansanm, nou dwe rete ini; san pa sa, san di pètèt, yo pral pann nou tout, nou chak ak yon kòd separe.” Yo te dispoze riske lavi yo pou yo te prezève dwa natirèl e enkontestab yo. Men, se nan inyon sèlman yo te ka reyisi.

Selebrasyon fèt 4 jiyè a ki se jou endepandans Lèzetazini.
Selebrasyon fèt 4 jiyè a ki se jou endepandans Lèzetazini.

Nan jounen 4 jiyè a, nou menm, Ameriken, nap selebre anivèsè endepandans nou, an menm tan ke nap selebre ewoyism gason ak fanm sa yo ki te riske e te bay lavi yo pou yo te pwoteje dwa natirèl e enkontestab nou yo. Nou rekonèt dwa sa yo pa pou Ameriken sèlman; men tou, a la verite, se dwa tout pitit Bondye. Alòs, lè Jou Endepandans la rive, nou selebre non sèlman endepandans nou ak dwa nou, men tou dwa tout pèp atravè lemond.

XS
SM
MD
LG