Accessibility links

Breaking News

Sineyas Jonathan Demme Mouri; li te Gen 73 Zan


Nan foto sa a (31 me 1992) sineyas Jonathan Demme (agoch) tap resevwa yon twofe pou meyè direktè, ansanm ak aktrès Jodie Foster e aktè Anthony Hopkins.
Nan foto sa a (31 me 1992) sineyas Jonathan Demme (agoch) tap resevwa yon twofe pou meyè direktè, ansanm ak aktrès Jodie Foster e aktè Anthony Hopkins.

Se avèk anpil lapenn nap anonse lanmò yon gwo non nan sinema modèn nan Ozetazini, yon non moun ann Ayiti konnen trè byen: nap pale de Jonathan Demme.

Misye Demme, yon sineyas ki te ranpòte Pri Oscar la, desede anba maladi kansè ezofaj melanje ak konplikasyon maladi kè. Li te genyen 73 zan.

Yo konnen Jonthan Demme sitou kòm sineyas film ki rele “The Silence of The Lambs” ki te parèt nan lane 1991. Se yon “filme d’horreur” ki te baskile box office la pou kantite moun ki t al wè li e pou bèl kòmantè li te pwovoke nan mond divètisman ak espektak la. Se 3èm film ki rive ranpòte yon Pri Akademi an nan 5 pi gwo kategori yo: pi bon “filme de l’année”, pi bon actè, pi bon aktris, pi bon direktè avèk pi bon adaptasyon a l’ekran.

Jonhatan Demme se sineyas ki te pwodui film “L’Agronome” ki rakonte lavi defen jounalis ayisyen e direktè Radyo Ayiti Entè, Jean Léopold Dominique.

XS
SM
MD
LG