Accessibility links

Breaking News

Ansyen Jeneral John Kelly, ki te Minis Sekite Enteryè, Tounen Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch


Prezidan Ameriken an Donald Trump ak Minis Sekite Enteryè a ki tounen Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch.Washington, 31 jiyè 2017 (Foto: AP/Evan Vucci)
Prezidan Ameriken an Donald Trump ak Minis Sekite Enteryè a ki tounen Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch.Washington, 31 jiyè 2017 (Foto: AP/Evan Vucci)

Pemye travay kap tann Misye Kelly, se mete lòd nan La Mezon Blanch kote Prezidan Trump revoke e ranplase anpil otorite nan 6 mwa.

John Kelly, yon ansyen jeneral nan kò mèrin Lèzetazini an prete sèman lendi 31 jiyè 2027 la kòm nouvo chèf pèsonèl La Mezon Blanch. Misye Kelly gen repitasyon yon moun ki pa kite moun jwe ak karaktè li. Prensipal travay kap tann li, se mete lòd nan administrasyon Prezidan Donald Trump la ki, nan yon ti kras plis pase 6 mwa, revoke e ranplase anpil otorite tankou direktè kominikasyon Mezon Blanch la ak direktè pi gwo ajans jistis peyi a, an palan de Biwo Ankèt Federal la (FBI).

Nan mesaj Prezidan Trump mete devan asistans ki te reyini nan palè nasyonal Lèzetazini an nan okazyon prestasyon sèman sa a, li chante lwanj Misye Kelly anpil. Lidè ameriken an deklare :

Nou fèk asiste seremoni prestasyon sèman Jeneral Kelly. Mwen pa gen okenn dout sou sa: li pral fè yon bon travay kòm chèf pèsonèl Lamezon blanch, menm jan li te fè yon bon travay nan pòs minis sekirite enteryè a. Nan jòb sa a li te rive bat yon rekò lè nou konsidere bon rezilta nou jwenn sou fwontyè nou yo; lè nou pran an konsiderasyon eta-despri fonksyonè yo. Misye pran yon sitiyasyon ki te pwovoke anpil pawòl-anpil epi li chanje li nan bon sans la; sa sèlman se yon bagay ki ekstrawòdinè. Jeneral Kelly, nou vle felisite ou pou travay fantastik ou fè deja, e se avèk enpasyans nap tann pou nou travay avèk ou."

Tankou Prezidan Trump di l la, anvan nominasyon sa a Misye Kelly te okipe pòs Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini. Se nan depatman sa a ou jwennn sèvis imigrasyon ak ladwann ameriken an.

XS
SM
MD
LG