Accessibility links

Breaking News

Depite Demokrat Joe Kennedy Reponn Diskou Prezidan Trump la


Depite Demokrat Eta Massachusetts, Joe Kennedy (37 an) ki tap reponn diskou Eta Inyon Prezidan Donald Trump la. 30 janvye 2018.
Depite Demokrat Eta Massachusetts, Joe Kennedy (37 an) ki tap reponn diskou Eta Inyon Prezidan Donald Trump la. 30 janvye 2018.

Nan diskou Depite Joe Kennedy fè pou l reponn Prezidan repibliken Donald Trump, li lonje dwèt sou divizyon ki genyen nan peyi Etazini ak difikilte kèk fanmi rankontre nan peyi a. “Nan ane ki pase a, plizyè moun te nan enkyetid, an kòlè, e yo te nan laperèz. Nou tout te santi peyi a divize. Nou te tande vwa kèk ameriken ki te santi yo bliye yo, yo abandone yo.”

Depite Kennedy deklare ekonomi Etazini an ede plizyè konpayi fè pwofi, sepandan sa diferan pou travayè yo. “Nou wè yon ekonomi ki pèmèt mache-d-la-bous la fè pwogrè, envestisè ak kòporasyon yo fè gro profi, sepandan travayè yo pa jwen pòsyon pa yo.”

Nan diskou sa a, depite demokrat la lonje dwèt tou sou gouvènman an kap lite pou l rete ouvè, avèk la Risi kap mele nan demokrasi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG