Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ak Kamala Harris Prete Sèman Kòm Prezidan ak Vis Prezidan Etazini


Administrasyon Etazini an Gen 2 Nouvo Lidè
Administrasyon Etazini an Gen 2 Nouvo Lidè

Demokrat Joe Biden, ki fè pati sèn politik la nan Washington, prete sèman kòm 46zyem prezidan Etazini pandan yon seremoni ki fè pati tradisyon politik Etazi, e ki te dewoule sou pewon Kapitol la, kidonk local palman ameriken an.

Mesye Biden, ki genyen 78 tan, se prezidan pi aje yo elu nan peyi a , e ki pral chita sou fotey boure mezon blanch-la. Li te pase 36 zan nan sena ameriken an e 8 lane kom vis-prezidan sou administrasyon Barack Obama a. Li prete sèman mi prete seman medi 20 janvye 2021 an, kote li pran yon angajman solanel pou respekte konstitisyon an, epi defann Etazini kont tout lennmi, kit se sak ap operere sou teritwa ameriken an oubyen nan peyi etranje.

Prezidan Biden fè pwomes sila a nan yon jou ki fè fret, kote van tap vante. Yon lot kote. Kamala Harris prete sèman tou kom vis-prezidan man menm jounen mekredi 20 janvye 2021 a n , nan moman mari li Doug Emhoff te kenbe yon bib nan okazyon 59vyem seremoni prestasyon sèman nan peyi a. Yon ti tan anvan sa, Kamala Harris . kit e reprezante Kalifoni nan sena , kidomk eta pi peple Ozetazini, enben li te prete seman kom vis-prezidan ameriken, konsa li tounen premye fanm nwa ki okipe pi gwo fonksyon ofisyel nan peyi a nan plis pase 2 syek istwa politik peyi a. Madam Harris, se pitit yon fanm endyen ak yon papa jamayiken.

Nan diskou prestasyon sèman li an, prezidan Joe Biden di, nap site : ‘ moun tande volonte pep la , e yo respekte volonte sa a. Mou aprann yon yon lot fwa anko ke demokrasi presyeu e li frajil. Nan moman sa a, zanmi m yo, demokrasi pote laviktwa. Jounen sa a , se jounen Etazini e se jounen demokrasi. Se yon jounen nan listwa ki baze sou espwa, sou renesans ak deteminasyon..” fend-sitasyon. Prezidan Biden ensiste pou l di, inite, se chemen lavni.

Genyen 3 ansyen prezidan ameriken ki te prezan nan 59vyem seremoni prestasyon sèman sa-a, ki se democrat Barack Obama ak Bill Clinton mete ak ansyen prezidan repibliken George W. Bush. Sepandan prezidan sotan repibliken Donald Trump te chwazi pou l pa repon prezan nan prestasyon sèman 46zyem prezidan Etazini an. Konsa, li kraze 152 zan tradisyon nan istwa pasasyon pouvwa a isit Ozetazini. Mesye Trump te pito pran avyon nan komansman jounen Mèkredi a pou l ale nan vil West Palm Beach, nan eta Florid.

XS
SM
MD
LG