Etazuni ap obseve fet nasyonal Kristof Kolon jodi lendi a an menm tan l ap obseve jounen Pep Endijenyo.
Ameriken te komanse obseve fet Kristof Kolon kom fet nasyonal nan ane 1971 pou komemore jou nan ane 1492 Kristof Kolon te debake nan Amerik yo.
Anpil moun rekonet tou zak vyolans, maladi ak lot soufrans peyi Euwopeyen yo te mennen ave yo nan peyi kote moun te deja ap viv nan Emisfe Oksidantal la. Se poutet sa pandan ane ki pase yo kek gwoup mande yo re-evalyasyon fet nasyonal sa a e yo lanse apel pou aboli l epi kreye nouvo komemorasyon nan l one popilasyon endijenn yo.
Semen pase a, Prezidan Ameriken Joe Biden te pibliye premye pwoklamasyon prezidansyel ki di Etazuni ap obseve jounen Pep Endijen lendi sa a.
"Jodia, mwen ta renmen rekonet istwa ki fe anpil moun mal kote move zak ak atwosite te komet le eksplorate Euwopeyen yo te rive nan komininote kote tribu ak pep endijen yo t ap viv," Prezidan Biden ekri. "Se yon aspe grande nou antanke nasyon ke nou pa chache kache fey kouvri sa k te pase nan listwa nou ki se yon wont - men pito nou gade yo onetman, nou klere limye sou sa e nou fe sa nou kapab pou nou korije ere sa yo."
Eta Oregon, nan nodwes Etazuni ap obseve Jounan Pep Endijen pou premye fwa lendi apre chanm lejislativ eta a apwouve yon lwa ki rekonet jounen sa a pi bone nan ane a. Oregon pote kole ak 12 lot eta Ameriken ki fe meman pareyman - pami yo Dakota di Sid, ki obseve Jounen Endyen Ameriken yo.
Jodi Lendi a we retou parad Jounen Kristof Kolon nan vil Nouyok ak Chicago, kote gwo fet yo te anile ane pase a akoz pandemi coronavirus la.
Boston limenm ap akeyi meye koure nan mond lan ki ap patisipe nan maraton Boston an jodi lendi a. Evenman sa a pa lye ak okenn fet, men yo te chanje dat orijinal kous la ki d abitud konn fet nan mwad Avril la akoz pandemi a tou.
Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press
Facebook Forum