Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Etazini Jim Mattis Fè yon Vizit nan Afganistan


Sekretè Defans Etazini Jim Mattis, an dezyèm a goch rive nan baz l OTAN nan Kaboul, Afganistan, 7 septanm 2018.
Sekretè Defans Etazini Jim Mattis, an dezyèm a goch rive nan baz l OTAN nan Kaboul, Afganistan, 7 septanm 2018.

Sekretè Defans Etazini Jim Mattis rankontre vandredi 7 septanm 2018 la ak Prezidan Afganistan an Ashraf Ghani ak lòt gwo zotobre Afganistan, pami yo lidè Ekzekitif Abdullah Abdullah.

Prezidan Ghani deklare nan reyinyon an ke youn nan dosye ki pi enpòtan pou nasyon li a se atak fòs Afganistan- o sou l OTAN sispann. Atak sa yo rele nan langaj militè a sou ble” oubyen atak ant moun kay. Msye Ghani chante lwanj Etazini tou poutèt li ogmante frap li yo.

Malgre vyolans la ogmante, Mesye Mattis ak lòt gwo zotobre ameriken yo ensiste ke estrateji Prezidan Donald Trump pou Sid Azia ke l te anonse nan mwa out 2017, ap mete fen nan konfli a.

XS
SM
MD
LG