Accessibility links

Breaking News

Jill Biden Mete Tabliye, Gan Pou Ede Elèv Fè Pat


Premye dam Etazuni Jill Biden, a dwat prepare pat la pandan lap ede elev lekol kuizin fe ravioli pandan yon vizit nan vil Naples, peyi Itali, 1 Nov. 2021.
Premye dam Etazuni Jill Biden, a dwat prepare pat la pandan lap ede elev lekol kuizin fe ravioli pandan yon vizit nan vil Naples, peyi Itali, 1 Nov. 2021.

Premye dam Amerikèn Jill Biden, ki gen orijin Italyèn te mete tabliye sou li epi gan pou ede etidyan nan yon lekol kuizin fos Natal Etazuni genyen ann Itali fè ravioli ak pat.

Madan Biden di elèv yo li konn kuizin Italyèn byen paske li te konn fè pat tout tan pou dine lakay li.

Premye dam Jill Biden ede elev yo fe ravioli pandan yon kou kuizin nan lekol sekonde Depatman Defans Etazuni genyen nan vil Naples, peyi Itali, 1 Nov. 2021.
Premye dam Jill Biden ede elev yo fe ravioli pandan yon kou kuizin nan lekol sekonde Depatman Defans Etazuni genyen nan vil Naples, peyi Itali, 1 Nov. 2021.


Premye dam nan te vizite lekol sekondè a anvan li te monte nan avyon pou tounen Washington.

Anvan sa, li te akonpaye mari li, Prezidan Joe Biden nan rankont o some lidè mondyal yo G20 ki te dewoule nan vil Wom. Kounyea prezidan an nan vil Glasgow ann Ekos pou rankont COP26 la sou chanjman klimatik.

Premye dam Etazuni Jill Biden mete tabliye pou li ka ede elèv lekol kuizin fè ravioli nan vil Naples, ann Itali, 1 Nov. 2021.
Premye dam Etazuni Jill Biden mete tabliye pou li ka ede elèv lekol kuizin fè ravioli nan vil Naples, ann Itali, 1 Nov. 2021.


Madan Biden te vizite lekol la nan kad travay lap fè pou apiye fanmi militè Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG