Accessibility links

Breaking News

Jill Biden Di Li Regle Kont Li ak Prezidan an pa 'Fexting'


Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden pandan yon fet nan Jaden Woz Lamezonblanch la, 5 Me 2022.
Prezidan Joe Biden ak Premye Dam Jill Biden pandan yon fet nan Jaden Woz Lamezonblanch la, 5 Me 2022.

Premyè Dam amerikèn nan, Jill Biden, di limenm ak Prezidan Joe Biden pa fè kont devan moun; yo regle dezagreman yo pa teks mesaj. Yo rele sa "Fexting."

Premyè dam nan fè revelasyon sa a ak lot ankò nan yon nouvo entèvyou li bay magazin Harper's Bazaar, ki pibliye li nan edisyon mwad Jyen-Jiyè a.

Magazin nan gen yon foto Jill Biden sou kouvèti a e li di se premye fwa nan 155 an istwa Lèzetazini ke yon Premyè Dam Amerikèn okipe yon plas enpotan konsa nan magazin nan.

Lè Joe Biden te Vis Prezidan sou administrasyon Obama a, koup la te deside regle kont yo pa tèks pou evite mezantant devan ajan Sèvis Sekrè yo. Se konsa yo te vin ak ekspresyon "fexting" nan.

Foto Achiv: Premye Dam Jill Biden entwodwi mari li, Prezidan Joe Biden pandan yon selebrasyon fet Sen Patrick, nan Sal Es Lamezonblanch la, 17 Mas 2022.
Foto Achiv: Premye Dam Jill Biden entwodwi mari li, Prezidan Joe Biden pandan yon selebrasyon fet Sen Patrick, nan Sal Es Lamezonblanch la, 17 Mas 2022.

Sa pa gen lontan, Madan Biden te di li voye yon tèks mesaj bay mari li ki te gen pawòl piman bouk ladan n e li di prezidan an reponn - ou reyalize sa pral fè istwa, pavre? Sa ap antre nan dosye prezidansyèl la.

Tout kominikasyon yon Prezidan ameriken an prezève e konsève nan anal istwa Lèzetazini. Madan Biden di jounalis ki t ap entèvyou l yo: "Well, mwen pa p di w ki move non mwen te bay mari m fwa sa a."

Jill Biden di nan entèvyou a ke divòs li ak premye mari li aprann li pou l chache pi endepandan e se leson sa a li aprann pititfi li ak pitit pitit li yo.

Madan Biden anvan lontan li byen ka gen pou l viv nan Lamezonblanch ak youn nan pitit pitit li yo ki se yon tinedjè.

Edisyon Harper's Bazaar ki gen foto Jill Biden sou kouvèti li, ap disponib pou moun achte apati 7 Jyen.


Enfòmasyon pou repòtaj sa a sòti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG