Accessibility links

Breaking News

Jijman Ozetazini Premye Nan Prizonye Ki Te Nan Guantanamo


Ozetazini, yon jiri federal jwenn premye prizonye ki te nan Guanntanamo e ki konparèt devan yon tribinal pa koupab pou preske tout akizasyon ki t ap peze sou do li, akizasyon ki gen rapò ak yon konplo ki te mare an 1998 pou fè bonm sote nan anbasad amerikèn ki sou kontinan Afriken an; men jiri a jwenn prizonye sa a koupab pou youn nan akizasyon yo.

Juri a –ki delibere nan vil Nouyòk pandan plis pase 7 jou-- jwenn sitwayen Tannzani Ahmed Ghailani koupab sèlman pou akizasyon ki repwoche l dèske li te mele nan konplo pou detrui pwopriyete Lèzetazini; e pou l te mete konplo sa a an aplikasyon, li te sèvi ak eksplozif.

Daprè avoka-akizasyon yo, Ahmed Ghailani ap fè fas ak yon minimòm 20 tan fèmen nan kacho, tandiske santans maksimòm nan se tout vi l nan prizon.

XS
SM
MD
LG