Accessibility links

Breaking News

Yon Kou Dapèl Kore Desizyon ki Rejte Entèdiksyon Vwayaj Prezidan Trump te Dekrete Kont 7 Peyi Mizilman


9èm Kou Dapèl Eta Kalifòni a ki nan vil San Francisco, pran desizyon li a kont entèdiksyon Prezidan Trump la byen ta jedi 9 fevriye 2017 la.
9èm Kou Dapèl Eta Kalifòni a ki nan vil San Francisco, pran desizyon li a kont entèdiksyon Prezidan Trump la byen ta jedi 9 fevriye 2017 la.

9èm Kou Dapèl Eta Kalifòni a pran desizyon pou li kore lòd yon tribinal premye enstans te pase pou sispann pwovizwaman yon entèdiksyon vwayaj Prezidan Donald Trump te dekrete kont 7 peyi kote majorite popilasyon an se Mizilma

3 jij Kou Dapèl la –ki te tande pozisyon avoka 2 pati yo pi bonè nan semèn nan- anonse desizyon yo a nan fen jounen jedi 9 fevriye 2017 la. Li posib pou se Kou Siprèm Lèzetazini an ki pran desizyon final la sou afè a.

Semèn pase a Majistra James Robart -jij yon tribinal premye enstans- te bloke pwovizwaman aplikasyon dekrè prezidansyèl la. Prezidan Trump te manifeste anpil kòlè nan repons li te bay sou kont Twitter li kote li te di Majistra Robart, “yon swadizan jij, te pran yon desizyon ridikil kap pèmèt anpil move moun, anpil moun danjre, antre nan peyi nou an.”

3 jij 9èm Kou Dapèl Eta Kalifòni a : (de dwat a goch) Jij William Canby - Jij Richard Clifton - Jij Michelle Friedland.
3 jij 9èm Kou Dapèl Eta Kalifòni a : (de dwat a goch) Jij William Canby - Jij Richard Clifton - Jij Michelle Friedland.

Nan seyans ki dewoule jedi nan Kou Dapèl Eta Kalifòni an, panèl 3 jij yo te tande opinyon yon avoka kap defann Depatman Jistis la ak yon avoka ki te reprezante Eta Washington ak Minnesota. 2 Eta sa yo te pote plent pou mande lajistis elimine entèdiksyon an. Avoka gouvènman an, Mèt August Flentje, pale pou l di Kongrè a ak Konstitisyon an bay Prezidan Trump tout otorite ki nesesè pou l te pran dekrè a. Sepandan avoka Eta Washington nan, Noah Purcell, fè konnen si lajistis ta pèmèt otorite yo remete entèdiksyon an an aplikasyon san yon bon jan revizyon jiridik, sa ta lage peyi a nan tyouboum.

Jounen jodi a Kou Siprèm Lèzetazini an manke yon manm e pa tèlman gen anpil chans pou pèsonalite Prezidan Trump chwazi pou konble vid sa a, Jij Neil Gorsuch, jwenn konfimasyon Sena a a-tan pou l patisipe nan deba sou entèdiksyon an.

Entèdiksyn an gen pou l ekspire nan 90 jou; sa vle di li posib pou tan sa a fin pase anvan afè a rive devan Kou Siprèm nan. Se konsa tou administrasyon Trump la byen kapab chanje dekrè a –tankou modifye kantite peyi li vize ak longè tan li prevwa pou aplikasyon li.

XS
SM
MD
LG