Accessibility links

Breaking News

Jij Pwogresis Kou Siprèm Etazini Stephen Breyer ap Pran Retrèt li


FILE - Supreme Court Associate Justice Stephen Breyer listens during a forum at the French Cultural Center in Boston, Feb. 13, 2017.

Jij Pwogresis Stephen Breyer pral kite pòs li nan Kou Siprèm Etazini an ane sa, sa ki pral pèmèt Joe Biden nonmen, pou premye fwa, yon fanm nwa nan enstitisyon sila.

Majistra a gen 83 lane, li okipe pozisyon an depi 28 ane, e li gen entansyon demisyonen nan fen sesyon aktyèl la, 30 jen.

San yo pa tann anons ofisyèl la, Mezon Blanch konfime ke pwomès Joe Biden te fè pandan kanpay li pou nonmen yon fanm nwa nan Kou Siprèm lan "toujou kanpe".

Bò kote pa l, lidè Demokratik Sena a, Chuck Schumer, rann omaj a Jij Breyer, "yon jiris modèl", e li di li pare pou l òganize yon odyans "rapidman".

Repibliken yo dekalre ke yo ka bloke kandida ke prezidan Joe Biden chwazi si yo rejwenn majorite a nan Sena a. Menm jan yo te fè an 2018 lè Barack Obama te eseye, pou granmesi, ranpli yon pozisyon ki te louvri nan Kou a, apre lanmò yon majistra.

XS
SM
MD
LG