Accessibility links

Breaking News

Se Jenn Moun Yo Ki Responsab Gwo Ogmantasyon nan Ka Enfeksyon KOVID-19 Yo, daprè OMS


Manm polis minmisipal la an Frans avèk kachne nan figi yo, ki t ap pale ak yon dam sou Plaj "Promenade des Anglais" nan vil Nice, nan dat 22 me 2020 an, apre otorite yo te pran desizyon pou yo relouvri plaj yo. (Foto: REUTERS/Eric Gaillard).
Manm polis minmisipal la an Frans avèk kachne nan figi yo, ki t ap pale ak yon dam sou Plaj "Promenade des Anglais" nan vil Nice, nan dat 22 me 2020 an, apre otorite yo te pran desizyon pou yo relouvri plaj yo. (Foto: REUTERS/Eric Gaillard).

“Le fèt ke maladi kowonavisi la ranfòse valè dega l ap fè nan anpil peyi, se an pati rezilta fenomèn kote jenn moun yo sispann swiv konsèy baryè ki pwoteje yo nan moman sezon ete a rive nan emisfè nò a.”

Se deklarasyon direktè jeneral Oganizasyon Mondyal Lasante a (OMS, Tedros Adhanom Ghebreyesus fè nan jounen jedi 30 jiyè 2020 an pandan li t ap pale nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Jenèv, Peyi Lasuis. Vrèmanvre, depi sezon an kòmanse moun kapab konstate, nan anpil peyi nan lemond, ke jenn-moun yo --anpil nan yo pafwa san kachne-- pa respekte distans sosyal la pandan yo rasanble pil sou pil nan ba yo, nan nightclub yo ak sou plaj yo, ki relouvri aprè otorite yo te leve kèk nan restriksyon ki te bloke pwopagasyon maladi KOVID-19 la. Se pou sa kèk kote nan lemond otorie yo kòmanse montre yo pi sevè lè yo genyen pou fè moun respekte lòd pou yo suiv konsiyn yo.

Nan Eta Florid, Ozetazini, pa egzanp, lapolis nan Key West te poze arestasyon yon jenn koup ki te teste pozitif pou KOVID-19 la, paske 2 mesyedam sa yo te pran lari san kachne, alòske nòmalman yo te sipoze rete an kantèn, daprè lòd ki an vigè nan eta a. Kèk vwazen, ki te filme 2 jenn moun yo pandan yo te nan lari a, te remèt video a bay lapolis. Se premye arestasyon konsa otorote yo nan Florid poze kont moun ki vyole karantèn nan.

Florid anrejistre jiskaprezan 461 mil ka enfeksyon kowonaviris, tandiske gen 6 mil 600 moun konsa ki pèdi lavi yo nan eta a. Li vini an 2èm pozisyon aprè Kalifoni ki, li-menm, anrejjistre 492 mil ka enfeksyon mete sou 8 mil 965 moun kowonaviris la touye nan eta ki pi peple a Ozetazini.

XS
SM
MD
LG