Accessibility links

Breaking News

Timoun Jodi, Granmoun Demen


Analiz ki fèt nan Biwo Resansman Ameriken an fè yon pwojeksyon ki ka fè moun espante sou popilasyon an isit Ozetazini an 2050 lè moun 25 kan jodi a yo pral gen 65 kan.

Si pwojeksyon yo pa chanje, non sèlman popilasyon kap gen laj 65an pral double men chif la pral ogmante sòti 12 pou rive 21 pousan popilasyon peyi a. Sa vle di, disi mwatye syèk la, sou chak 5 ameriken youn pral yon moun aje (yon granmoun ou yon pèsonaj). Si ogmantasyon popilasyon mentni tandans jodi a, yon gwo pòsyon pami sitwayen yo ap sòt nan ras ispanik (panyòl), nwa ameriken ak azyatik.

Linda Jacobsen, responsab Biwo Referens sou Popilasyon an, yon gwoup prive ki ede moun konprann done demografik yo, ap ede konprann done yo (konprann chif sa yo).

Madan Jacobsen di an 2050, moun kap gen 65 kan e plis yo pra l kontinye travay. Rezon an dapre responsab la, anpil pami yo ap genyen yon meyè fòmasyon inivèsitè, an meyè sante donk yo pral vle kontinye travay, konpare ak kounye a.

Jodi a, plis fi rete nan kay la pou pran swen manman ak papa yo, tandiske mesye yo ap travay pou pote lajan nan kay la pou swen gran moun yo. Men an 2050 medam yo pap disponib tankou jodi a pou pran swen gran moun yo akòz yap okipe nan travay.

Madan Jacobsen di li ta bon pou jèn ameriken yo fè ekonomi lajan pandan yo kapab jodi a fas pou sizoka yo vin twouve yo nan sitiasyon pou yo oblije pran swen pwòp tèt yo. Pèsonaj yo pral gen plis chwa pou yo viv nan mezon retrèt ou byen nan azil.

Ane 2050, anpil ameriken kap gen 65 kan kapab antre nan kategori moun yo rele moun aj dò yo. Pou periòd sa a sèlman, moun demograf yo konsidere jodi a kòm tigrandèt, vye toton ou vye granmoun yo-- konprann, 85an e plis yo--- pral moun gran moun toutbon ou, san 'n pa manke pyès moun dega: vye-vye gran moun.

XS
SM
MD
LG