Accessibility links

Breaking News

19-26 Janvye 2019: 13èm Edisyon Festival Jazz Pòtoprens la (PAPJAZZ)


Yon atik ki parèt sou paj Entènèt Radyo Karayib FM, bay enfòmasyon sa yo (rezime):

“Sòti 19 pou rive 26 janvye 2019, 13èm edisyon Festival Jazz Pòtoprens la (PAPJAZZ) pral dewoule nan kapital Peyi d Ayiti a.

Depi ane 2007, nan mitan mwa janvye a, Fondation Haiti Jazz ofri piblik ki renmen bon mizik la (piblik melomàn nan) sa ki rele “Festival Entènasyonal Jazz Pòtoprens la”. Se 8 jou randevou avèk mizik jazz ki devlope tout kote, ki gen tout kalite, plizyè konsè ak mizisyen ki sòti nan divès peyi, sware ki dire byen ta, atis mizisyen k ap viv nan peyi a ou k ap evolye nan Dyaspora a, mete sou atelye ak konferans gratis.”

Pami atis patisipan yo, ap genyen: Antonio Serrano (Espay); Trio Yogev Shetrit (Izrayèl); Cécile McLorin Salvant (Haiti/France/USA).

jazz it up
jazz it up

2 Mo sou Cécile McLorin Salvant

Cécile McLorin Salvant se youn nan chantèz jazz ki pi popilè nan lemond. Se pitit yon ayisyen avèk yon gwadloupeyèn. Li te kòmanse jwe pyano lè l te gen 5 kan. A 8 tan li te kòmanse aprann chan klasik nan Miami kote li te fèt. An 2007 li t al pouswiv etid jazz ak chan lirik e bawòk nan Konsèvatwa Mizik Aix-en-Pwovence, nan Peyi Lafrans. An 2009, aprè yon seri konsè nan Pari, li te anrejistre premye albòm li, “Cécile”; epi, yon ane apre sa, li te ranpòte Konkou Thelonious Monk la nan Washington, D.C.

Cécile entèprete chanson lòt atis pa entèprete fasil, oubyen chanson yo anrejistre raman; lè konsa li eseye valorize aspè teyatral chanson sa yo. Li gen yon popilarite k ap vale teren rapidman ann Ewòp ak Ozetazini; li deja pèfòme kòm atis envite nan festival vil Vyèn (Otrich), Monterey (Meksik), Newport (Connecticut, USA), Nice (France), Montreux (Laswis), elatriye, e li te akonpaye Wynton Marais nan Lincoln Center, nan New York, avèk Symphony Center nan Chikago.

An 2016, Cécile McLorin Salvant te resevwa Pri Grammy pou pi bon albòm jazz vokal ane a pou yon chanson ki gen pou tit “For One to Love.” An 2018 li te pran yon lòt Pri Grammy pou chanson “Dreams and Daggers”, alòske yon ane anvan sa li te ranpòte Pri Django Reinhardt. Nòt biyografik sa a fini konsa:

“Se yon gwo fyète pou PAPJAZZ la resevwa Cécile McLorin Salvant nan okazyon 13èm edisyon li.”

XS
SM
MD
LG