Accessibility links

Breaking News

Bofis Prezidan Trump la Di Senatè yo li Pat Diskite sou Eleksyon Prezidansyèl la ak Ris yo


Jared Kushner, nan mitan, ki se bofis epi konseye Prezidan ameriken an, Donald Trump.
Jared Kushner, nan mitan, ki se bofis epi konseye Prezidan ameriken an, Donald Trump.

Bofis e konseye prezidan ameriken an, Jared Kushner, fè depozisyon devan yon komite ransèyman Sena a pou di sa l konnen nan akizasyon kòmkwa kanpay prezidansyèl kandida Repibliken Donald Trump la te nan mannigans ak gouvènman ris la yon fason pou te ede l genyen eleksyon novanm 2016 la sou rival demokrat li Hillary Clinton.

Prezidan ameriken an, Donald Trump. Foto: 24 jiyè 2017.
Prezidan ameriken an, Donald Trump. Foto: 24 jiyè 2017.

Prezidan Donald Trump bò kote pal pa sispann nye kesyon an kote li kontinye fè kwè kanpay li a pat nan mank-e-melanj ak otorite Larisi yo menm si youn nan pitit gason li, Donald Trump Junior, rekonèt li te gen yon rankont ak yon avoka ris.

Bonè maten lendi 24 jiyè 2017 la, Jared Kusner, bofis e konseye prezidan Donald Trump la pibliye yon deklarasyon pou l di: “Dokiman mwen mete devan komite ransèyman Sena a ap montre mwen te gen petèt 4 kontak ak reprezantan gouvènman ris la pami plizyè milye lòt pandan kanpay ak tranzisyon elektoral amerikèn nan.”

Mesye Kushner kontinye pou di: “Sepandan, rankont sa yo pa gen anyen pou wè ak eleksyon yo. Avoka mesye Kushner yo di konvèzasyon an pwobableman ta gen pou wè ak kowoperasyon ant Etazini ak Larisi sou gè sivil la nan Siri, e sa pa vyole okenn lwa.

Donald Trump Jr, premye pitit gason Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Jared Kushner, bofis li a.
Donald Trump Jr, premye pitit gason Prezidan ameriken an, Donald Trump ak Jared Kushner, bofis li a.

Rankont sa yo te atire atansyon anketè yo etan done pitit gason prezidan an, Donald Trump Junior, te pibliye yon bann ak pakèt kourye elektronik ki montre angouman l te genyen pou te jwenn enfòmasyon yon avoka ris la te pwomèt li e ki ta kapab lage vèni sou do kandida pati demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton.

Mesye Kushner rekonèt li te prezan nan rankont sa a tou, sèlman pou yon ti bout tan. Li ajoute, diskisyon yo pat fèt sou kanpay elektoral la.

Jared Kusher, ki se yon pwomotè imobilye, ak envestisè, gen pou l fè yon lòt depozisyon, madi 25 jiyè 2017 la men fwa sa a devan komisyon ankèt chanm depite a.

Bò kote pa yo, Demokrat yo nan opozisyon an, poze kesyon pou mande si pozisyon politik fanmi Trump yo pa poze konfli enterè ak antrepriz yo posede. Semen pase a, Jared Kushner te revize rapò finansye pèsonèl li pou l te ajoute lòt byen li te bliye mete nan rapò sou byen li posede ki vo plis pase 10 milyon dola—yon aksyon, daprè anpil obsèvatè, ki vin alimante lide konfli enterè a.

XS
SM
MD
LG