Accessibility links

Breaking News

Japon Chanje Oryantasyon Sistèm Defans li


Japon Chanje Oryantasyon Sistèm Defans li
Japon Chanje Oryantasyon Sistèm Defans li

O Japon, gouvènman an anonse li adopte kèk nouvo prensip sou sistèm defans peyi a e sa reprezante yon demakasyon total vizavi menas Japon te santi bò kote Larisi pandan Lagè Frèt la, pou peyi sa a santre plis atansyon sou menas atak ak misil ki ka sòti bò kote Lachinn a Kore di Nò –yon menas k ap ogmante plis chak jou.

Nouvo plan ki tabli Pwogram Defans nasyonal ke otorite yo anonse vandredi 17 desanm 2010 la nan Tokyo prezante Lachinn kòm yon pi gwo menas toujou pase Larisi; dokiman an lonje dwèt, pa egzanp, sou modènizasyon rapid fòs militè chinwa yo ak aktivite Peken ki ogmante nan dlo entènasyonal ki atoure peyi vwazen yo.

XS
SM
MD
LG