Accessibility links

Breaking News

Jamayik: Lapolis Fè Desant-De-Lye Nan Bastyon Yon Bawon Dwòg Pisan


Polis kap fè patwouy nan vil Kingston, Jamayik, 24 me 2010
Polis kap fè patwouy nan vil Kingston, Jamayik, 24 me 2010

Otorite ameriken yo mande Jamayik pimpe Ozetazini Christopher Coke, ki genyen ti non Dudus, pou swadizan enplikasyon li nan trafik dwòg

Lapolis nan Jamayik antre nan lese-frape avèk nèg ak zam pou yon dezyèm jounen youn dèyè lòt nan kad violans ki gen rapò ak yon swadizan bawon dwòg jamayiken otorite ajans anti-dwòg ameriken (DEA) ap chèche fè pimpe Ozetazini. Lendi, sòlda jamayiken ki te gen konkou elikoptè antre nan batay avèk alye lidè gang renome-patante, Christopher Coke, ki gen ti non “Dudus” nan yon bidonvil nan lwès kapital jamayiken an, Kingston. Otorite jamayiken yo te fè konnen omwen 2 polisye pèdi lavi yo e 6 lòt blese nan afwontman an ki tanmen dimanch pase. Gouvènman jamayiken an deklare eta dijans nan plizyè seksyon Kingston ak nan rejyon St Andrew, ki toupre kapital la. Gouvènman an di eta dijans sa a pral rete an plas omwen pou yon mwa.

XS
SM
MD
LG