Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Jamayik la, Andrew Holness, Pran Dispozisyon pou L Relouvri Ekonomi Peyi a


Premye Minis Jamayik la, Andrew Holness.
Premye Minis Jamayik la, Andrew Holness.

Premye Minis jamayiken an, Andrew Holness, fè konnen gouvènman li a pral santre atansyon l kounyela a sou efò ki nesesè pou relanse ekonomi an ki sibi gwo dega anba pandemi kowonaviris la. Pandan Misye Holness t ap pale nan sware jounen lendi 27 avril la, li anonse fòmasyon yon ekip ki rele “Ekip Espesyal Pou Relans Ekonomik anba KOVID19 la.” Misyon gwoup sa a se prepare yon plan ki montre kijan La Jamayik kapab rekòmanse aktivite ekonomik li yo yon fason gradyèl. Chèf gouvènman jamayiken an ensiste sou le fèt ke prensipal responsablite nouvo gwoup sa a se devlope yon plan daksyon ki pran an konsiderasyon preyokipasyon Depatman Sante Piblik ak Byenèt Sosyal peyi a. Jiskaprezan La Jamayik rapòte 364 ka enfeksoyon kwowonaviris; sou kantite sa a gen 7 moun ki pèdi lavi yo.

An plis de sa Minis Afè Etranjè jamayiken an, Madam Kamina Johnson-Smith, anonse yon nouvo pwotokòl byen sevè pou sitwayen jamayiken ki bloke aletanje e ki ta remen retounen nan peyi yo pandan kriz kowonaviris laap kontinye. Pwotokòl sa a gen ladan l obligasyon pou tout moun ki antre nan La Jamayik pase 14 jou nan kanpe-lwen (sa yo rele - karantenn nan). Chèf diplomasi jamayikèn nan ajoute gouvènman an pa gen mwayen ase pou l lwe avyon pou mennen sitwayen ki lòtbò dlo yo retounen nan peyi yo, epi chak moun ap gen pou l fè pwòp aranjman pa li yon fwa li va fin jwenn otorizasyon Leta pou l fè vwayaj la.
XS
SM
MD
LG