Accessibility links

Breaking News

Nòt Anbasadè Kenneth Merten pou Jacques Jean-Baptiste


Anbasadè Kenneth Merten
Anbasadè Kenneth Merten
Jacques Jean-Baptiste, ki "kite mak li sou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la."
Jacques Jean-Baptiste, ki "kite mak li sou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la."

Men vèsyon kreyòl yon nòt diplomat ameriken, Anbasadè Kenneth Merten, kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, voye bay jounalis Jacques Jean-Baptiste ki pran retrèt li jedi 30 jiyè 2016 la aprè 27 lane nan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

“Chè Misye Jacques Jean-Baptiste:

Lè ou te ban m nouvèl konsènan retrèt ou sa gen kèk semèn, sete pou mwen yon nouvèl mwen pa tap tann, nouvèl kòmkwa yon jou ou tap deside kite dèyè yon pwofesyon kote ou se yon bon pami pi bon, yon pwofesyon ou te konsakre tout vi w pou li.

Sete yon onè e yon plezi pou m te fè boukantaj lide avèk ou pandan ane ki pase yo kòm yon envite nan pwogram ou yo. Mwen te byen plase pou m konstate pasyon ou pote nan akonplisman travay ou kòm yon jounalis. Vrèmanvre, ou kite mak ou sou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la e sou tout gwo kantite oditè sa yo ki pral sonje vwa ou anpil, vwa ou ki te akonpaye yo pandan yo tap koute nouvèl nan lavi yo.

Mwen swete ou tout sa k pi bon pandan ou pral viv retrèt ou e pou lè w va retounen ann Ayiti. Kenbe fèm, pa lage!

Sensèman:

Kenneth Merten

Kowòdonatè Espesyal pou Ayiti.

XS
SM
MD
LG