Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Jack Guy Lafontant Bay Demisyon l


Premye minis demisyonè a Jack Guy Lafontant
Premye minis demisyonè a Jack Guy Lafontant

Premye minis Jack Guy Lafontant di depite ki te entèpele l yo jodi samdi 14 jiyè 2018 la li déjà remèt lèt demisyon l bay Prezidan Jovenel Moïse avan l te vin nan palman an.

Apre Premye minis Lafontant te fin anonse depite yo li demisyone, Prezidan chanm Depite a Gary Bodeau te leve seyans entèpelasyon premye minis la.

Swit a demisyon premye minis Lafontant an, Prezidan Jovenel Moïse nan yon mesaj sou kont Twitter li fè konnen li resevwa e aksepte demisyon Mesye Lafontant an. An menn tan tou, prezidan repiblik la remèsye Dr. Lafontant ak tout manm kabinè ministeryèl li a pou sèvis yo rann peyi a.

Prezidan Jovenel Moïse anonse tou li pral delivre yon mesaj devan nasyon an nan sikonstans espesyal sa a pandan menm jounen samdi a. Demisyon Premye minis Lafontant an rive nan moman plizyè sektè nan vi nasyonal la tap fè presyon sou Prezidan Jovenel Moïse pou fòse Dr. Jack Guy Lafontant bay demisyon l nan tèt gouvènman an.

Gouvènman Jack Guy Lafontant an te anba gwo kritik apre manistasyon vyolan ki te fèt nan peyi a patikilyèman nan Pòtoprens vandredi 6 ak sanmdi 7 jilyè 2018 pase a, kote plizyè antrepriz prive tankou makèt ak magazen te piye.

Ensidan sa yo te rive nan kapital ayisyèn nan apre gouvènman an te fin anonse yon ogmantasyon ant 30 ak 50 pousan sou pri gaz la. Swit a 2 jou ensidan vyolan sa yo kote pou pipiti 3 moun te pèdi lavi yo, Gouvènman Moïse/Lafontant an te oblije retounen sou desizyon l pou l te anile ogmantasyon li te fin anonse sou pwodwi petwolye yo.

Moun kapab li sou kont Twitter Premye minis la kote li di nan dat 13 jiyè 2018 la alavèy konvokasyon l devan depite yo, "Pri gaz la pa chanje e pap chanje; sispann entoksike pèp la." Mesye Lafontant te anonse tou rankont li ak depite yo samdi 14 jilyè a ta pral yon jounen istorik.

Demisyone ou pa, anpil analis te deja prevwa premye minis la ta pral pran yon vòt non konfyans nan men depite yo. Nan jou kap vini yo, Prezidan Jovenel Moïse ap genyen pou chwazi yon nouvo chèf gouvènman pou ranplase premye minis demisyonè a Jack Guy Lafontant.

XS
SM
MD
LG