Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Jack Guy Lafontant Diskite ak Depite yo sou Dosye Konpayi Telefòn Pòtab yo


Premye minis ayisyen an, Dr. Jack Guy Lafontant ki tap pale pandan yon seremoni nan Palè Nasyonal. Pòtoprens, Ayiti. 24 fevriye 2017.
Premye minis ayisyen an, Dr. Jack Guy Lafontant ki tap pale pandan yon seremoni nan Palè Nasyonal. Pòtoprens, Ayiti. 24 fevriye 2017.

Premye Minis Jack Guy Lafontant, ki te gen ak li minis travo piblik la, Fritz Caillot, direktè jeneral Conatel la, Jean David Rodney reponn envitasyon Chanm Depite a madi 28 novanm 2017 la pou diskite sou jesyon konpayi telefòn pòtab yo kap opere ann Ayiti.

Premye Minis Lafontant pwomèt li pral travay ak antite konsène yo pou rezoud pwoblèm kliyan kap plenyen dèske yo peye pou minit konpayi telefòn pòtab yo pa mete sou telefòn yo.

Depite Garry Bodeau, manm komisyon ki jere kesyon kominikasyon nan Chanm Depite a, pwomèt pou reyini disi 15 jou ak responsab nan gouvènman an pou fè swivi sou dosye konpayi telefòn pòtab yo.

XS
SM
MD
LG