Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen an Kalifye De 'Patizann' Deklarasyon Responsab MINUJUSTH la


 Premye Minis ayisyen an, Dr. Jack Guy Lafontant pandan li tap pale ak laprès nan Palè Nasyonal la, Pòtoprens. Ayiti, 24 fevriye 2017.
Premye Minis ayisyen an, Dr. Jack Guy Lafontant pandan li tap pale ak laprès nan Palè Nasyonal la, Pòtoprens. Ayiti, 24 fevriye 2017.

Premye Minis Jack Guy Lafontant reyaji sou dezisyon gouvènman an pran pou raple anbasadè li nan l ONU pou konsiltasyon apre yon nòt Misyon Nasyon Zini pou kore Lajistis ann Ayiti pibliye pou l bat bravo sou deziyasyon yon jij pou trete plent plizyè sitwayen kont moun ki gen non yo site nan dosye ankèt sou fon Petro Caribe.

Chèf gouvenman an kalifye de patizann reyaksyon MINUJUSTH la a ki parèt nan yon moman trè sansib pou Ayiti.

Yon lòt kote, Depite Mibalè a, Abel Descollines, manm komison afè etranjè chanm bas la kwè leta ayisyen gen lòt mwayen li te kapab pwoteste kont nòt de près MINUJUSTH la. Depite Descollines tap reyaji sou deklarasyon responsab MINUJUSTH la ta fè ki pa ale nan santiman gouvènman ayisyen an nan kòmansman semèn nan.

Dosye sa a sèten moun konsidere tankou yon konfli oubyen yon mezantant kontinye atire tansyon anpil obsèvatè kote Ayiti raple reprezantan li nan l ONU e òganizasyon mondyal la raple chèf MINUJUST la Susan D. Page.

XS
SM
MD
LG