Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon apre Prezidan Trump Fin Rekonèt Jerizalèm kòm Kapital Izrayèl


Etidyan libanè ak palestinyen ki tap boule yon poster Prezidan Donald Trump pandan yo tap patisipe nan yon manifestasyon nan vil Sidon, pati sid peyi Liban. (Dat: 7 desanm 2017).
Etidyan libanè ak palestinyen ki tap boule yon poster Prezidan Donald Trump pandan yo tap patisipe nan yon manifestasyon nan vil Sidon, pati sid peyi Liban. (Dat: 7 desanm 2017).

Nouvèl ki sòti nan Mwayen Oryan an fè konnen militan ekstremis ap pwofite de anons prezidan ameriken an, Donald Trump, fè pou l di Lèzetazini rekonèt dezòmè vil Jerizalem kòm kapital peyi Izrayel, kom yon kri raliman ki gen kapasite pou domine kanpay elektoral ki pral dewoule anvan lontan nan anpil peyi kote majorite popilasyon an se mizilman.

Anons sa a -ke lidè ameriken an te fè nan jounen mèkredi-a-- pwovoke gwo mouvman pwotestasyon nan anpil peyi; se konsa, pa egzanp, sou tèritwa palestinyen yo, manifestan tonbe nan lese-frape ak lapolis. Obsèvatè yo prevwa kantite manifestasyon yo pral ogmante sòti nan peyi Endonezi pou rive nan peyi La Turki apre lapriyè vandredi a.

Prezidan Donald Trump pandan li tap fè yon vizit nan vil Jerizalèm nan dat 23 me 2017.
Prezidan Donald Trump pandan li tap fè yon vizit nan vil Jerizalèm nan dat 23 me 2017.

Sou menm dosye a, nouvèl yo fè konnen palestinyen manifeste kont kesyon pou Jerizalèm tounen ofisyèlman kapital Izrayèl la. Se konsa, nan Bethlehèm lapolis peyi Izrayèl sèvi ak gaz lakrimojèn, vandredi 8 desanm 2017 la, pou gaye manifestan palestinyen ki tap pwoteste nan kad sa yo rele "Yon Jounen Moun Anraje"; se yon mouvman pwotestasyon manch-long yo lanse nan jounen vandredi a menm.

Manifestan pran lari non sèlman nan Bethlehèm, men tou nan vil Jerizalèm ak Ramallah, kote yo voye wòch sou lapolis ki reponn kif-kif ak gaz lakrimojèn plis boulèt an kawoutyou. Nouvèl la presize mouvman manifestasyon menm jan an ap dewoule tou toupatou nan Mwayen Oryan an ak lòt peyi kote majorite popilasyon an se mizilman. Lapolis izrayelyèn mande ranfò nan Jerizalèm apre prezidan ameriken an, Donald Trump, te di administrasyon li a rekonèt vil sa a kòm kapital peyi Izrayèl

XS
SM
MD
LG