Accessibility links

Breaking News

Iran Vyole Akò Nikleyè 2015 la, daprè Izrayèl. Pozisyon Washington ak Teyeran

Premye Minis Izrayèl la Benjamin Netanyahu ki tap prezante materyèl operasyon sekrè pèmèt ajan izrayelyen jwenn sou devlopman pwogram zam nikleyè iranyen an. (Foto: Tel Aviv, lendi 30 avril 2018.- AP/Sebastian Scheiner).

Otorite yo nan Teyeran, kapital Iran, pase nan betiz anons Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netahyahu, fè nan yon konferans pou laprès lendi 30 avril la, kote li te prezante sa li rele "prèv konvenkan" ki ka montre kòmkwa Iran gen lontan depi l ap vyole akò li te siyen an 2015 pou l kite pwogam fabrikasyon zam nikleyè li a tonbe.

Nan Washington, La Mezon Blanch te kòmanse pa felisite Izrayèl poutèt li anonse li gen prèv sou manti Iran bay sou aplikasyon akò entènasyonal sou eliminasyon pwogram zam nikleyè l la. Kounyela a otorite ameriken yo ap analize evidans yo, menm si Izrayèl te di se prèv flagran ki montre Teyeran nan koken; epi Lèzetazini pa ale jiska apiye akizasyon an.

Sepandan, ofisyèl ameriken yo deklare prèv sekrè Izrayèl jwenn yo koresponn avèk sa yo te deja konnen, epi evidans sa yo pwojte yon limyè nouvo sou aktivite Teyeran ap mennen; pami aktivite sa yo gen devlopman misil balistik SHA-HAB 3 yo nan yon pwen pou yo ta gen kapasite pou yo lanse ojiv nikleyè. Sou dosye a, Prezidan Donald Trump fè deklarasyon sa a:

Minis Afè Etranjè Iran an, Mohammad Javad Zarif, ki t ap pale avèk ajans nouvèl Associated Press, nan New York, madi 24 avril 2018 la, di si administrasyon Trump la sòti nan akò nikleyè ak Iran an, sa t ap gen move konsekans sou negosyasyon Lèzetazini ap fè avèk Kore di Nò yo.

" Iranyen yo pa rete ak 2 bra yo kwaze. Y ap prepare misil ki, dapre sa yo di, pral sèvi pou emisyon televizyon. Men mwen pa kwè se laverite. An tou ka nou pral wè sa k pral pase. M pap di nou kisa m pral fè, menmsi gen anpil moun ki panse yo konnen sa m pral fè. Anvan le 12 nou pral pran yon desizyon. Sepandan sa pa vle di nou pa pral negosye pou n jwenn yon akò veritab, yon akò ki rele akò."

12 me pwochen an se dat administrasyon Trump la fikse pou peyi-alye Lèzetazini yo korije sa li konsidere kòm "twou vid" ki genyen nan akò nikleyè 2015 la. Si sa pa fèt, Washington menase pou l denonse akò a epi enpoze nouvo sanksyon ekonomik sou Iran.

Pa pi lwen ke mwa pase a, ofisye wo-grade nan Fòsame Lèzetazini yo (pami yo genyen chèf Komand Stratejik Amerikèn nan ki fè depozisyon li devan manm Kongrè a) te deklare jiskaprean Iran konfòme l kòmsadwa avèk akò a.

XS
SM
MD
LG