Accessibility links

Breaking News

Izrayèl: Lajistis Kondane Ansyen Prezidan Moshe Katsav Pou Krim Seksyèl


Ansyen Prezidan Moshe Katsav k ap kite tribinal la ann Izrayèl
Ansyen Prezidan Moshe Katsav k ap kite tribinal la ann Izrayèl

Yon tribinal Izrayelyen jwen ansyen Prezidan Moshe Katsav koupab pou 2 chèf dakizasyon ki t ap peze sou do l : vyòl ak hasèlman seksyèl.

Tribinal Telaviv la rekonèt Mesye Katsav koupab jedi 30 desanm 2010 la pou 2 vyòl sou 2 anplwaye li.

Mesye Katsav ap fè fas tou ak akizasyon movèz konduit seksyèl —se nan mwa janvye ane 2011 la ke lajistis pral anonse santans Mesye Moshe Katsav.

Ansyen prezidan Izrayelyen ki gen 65 kan ap kouri risk pou l pran jiska 16 zan prizon pou zak sa yo.

XS
SM
MD
LG