Nasyon Zini fè konnnen gen anviwon 100.000 sivil ki bloke nan ansyen site Mosoul nan Irak kote gwoup militan teworis Eta islamik la fè katye jeneral li. Plis pase 230 moun nan popilasyon sivil la ta mouri anba bal tirè kache gwoup teworis la, e plizyè santèn lòt ta tonbe anba bonm avyon te lage sou vil la, dapre l ONU. Sepandan, moun ki rive chape pou l yo nan Mosoul fè konnen kantite mò yo pi elve.
Batay nan Mosoul Peyi Irak: Rechèch Kontinye Ap Fèt pou Jwenn Moun Anba Debri Kay yo
5
Bonm aeryen ak machin pyeje ak fòs irakyen yo se sa ki domine anviwonman katye kote militan teworis yo ye a nan Mosoul. 15 jen 2017.
6
Ahmed Ghalibi, yon konbatan nan gwoup Repons Dijans lan di batay pou rive delivre ansyen site Mosoul la se youn nan pi gwo batay. 15 jen 2017.
7
Sòlda irakyen yo di ansyen site Mosoul la antoure, men devan kote batay la ap dewoule a, chaje ak militan teworis ki kontinye ap goumen pou yo elaji teritwa yo. Mosoul, Irak, 15 jen 2017.