Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Isaias Menase Kòt Ès Lèzetazini


 Moun Eta Kawolin di Nò k ap konstae dega Tanpèt Twopikal Isaias fè nan kay yo nan vil Southport.
Moun Eta Kawolin di Nò k ap konstae dega Tanpèt Twopikal Isaias fè nan kay yo nan vil Southport.

Siklòn Isaias touche tè nan nuit lendi 3 pou leve madi 4 daout 2020 an sou kòt sidès Eta Kawolin di Nò. Sant Nasyonal Siklòn Ameriken an, ki baze nan Miami, nan Eta Florid, ekri sou sitwèb li a pou l di imaj rada pran ak sa lòt aparèy ki atè kapte, montre pou komanse je Isaias te touche tè tou pre yon zile ki rele Ocean Isle Beach, nan Kawolin di Nò, avèk van ki t ap soufle ak yon vitòs 85 mil alè, swa 140 kilomèt alè, lendi swa vè 11 zè, lè Washington, lè Pòtoprens.

Mwens ke inèdtan apre sa, yon estasyon meteo ki nan yon lokalite ki rele Wrightsville Beach, toujou nan Kawolin dii Nò, te mezire fòs van yo a 100 kilomèt alè. Espeyalis yo prevwa pral gen gwo van ak gwo tanpèt lapli k ap pwovoke inondasyon nan zòn kote Isaias pral pase yo. Dapre menm espesyalis yo, anpil rejyon nan pati ès Kowolin di Sid ak Kawolin di Nò te met atann yo aske y ap resevwa ant 7 e 15 santimèt lapli.

Previzyon yo fè konnen tou siklòn nan, ki deja tounen yon tanpèt twopikal, gen pou l vire rapidman sou Oseyan Atlantik la kote l pral pan direksyon nòdès pandan jounen madi a ak madi swa avèk posiblite pou l fè dega nan Eta Vijini, Maryland, New Jersey, New York, Pennsilvani, vil Washington D.C., avèk yon bon pati nan rejyon Nouvèl Angletè. Otorite yo lanse avètisman anti-tanpèt pou moun k ap viv sou yon sipèfisi ki sòti depi sou kòt Eta Vijini pou rive nan Eta Maine ki jous nan ekstrèm nòdès peyi a.

Prezidan Donald Trump dekrete yon eta dijans pou Kowolin di Nò, sa k ap pèmèt gouvènman federal la dekese lajan pou ede otorite lokal yo nan ti vil yo ak gwo vil yo kowòdone efò asistans yo. Samdi pase a, Prezidanan te pran menm desizyon an pou Eta Florid ki rive sove anba gwo frap, anba frap dirèk Siklòn Isaias.

XS
SM
MD
LG