Accessibility links

Breaking News

Irma Ap Frape Peyi Kiba Pandan Eta Florid Ap Prepare l pou Siklòn nan Kap Vanse sou li


Pye palmis van ap sakaje nan moman siklòn irma tap avanse sou peyi Kiba. 8 septanm 2017.
Pye palmis van ap sakaje nan moman siklòn irma tap avanse sou peyi Kiba. 8 septanm 2017.

Apre siklòn Irma fin touye 22 moun pou pipiti epi lakoz gwo katastwof, ak detwi yon bann lòt kote, Irma lage gro van ak anpil lapli nan peyi Kiba pandan lap avanse sou eta Florid nan peyi Etazini.

Dapre Sant Nasyonal Siklòn peyi Etazini (NHC) Irma ap dirige l nan zòn nòdwès sou kot nò peyi Kiba e sant lan prevwa siklon lan ap vire nan zòn nòdwès samdi apre midi anvan l tounen nan nò, pi presizeman nan nòdwès samdi nan aswè osinon dimanch maten.

Van tanpèt sa ki se youn nan pi gwo tampèt moun poko janm wè nan listwa gen pou l komanse soufle dimanch maten nan Kle Florid yo epi li va apwoche kot sidwès Florid dimanch aprè midi.

Yon ri anba lavil nan Miami ki konn chaje ak moun e pi machin men kounye a vid akoz menas siklòn Irma sou eta Florid. Septanm 8, 2017.
Yon ri anba lavil nan Miami ki konn chaje ak moun e pi machin men kounye a vid akoz menas siklòn Irma sou eta Florid. Septanm 8, 2017.

Irma te pèdi yon ti fòs pandan l tap pase nan Kiba a, men li rete yon pwisan tanpèt ki nan kategori 4 ak yon maksimom van kap soufle ak 215 kilomèt pa è. Metewològ yo prevwa siklon nan pral repran jarèt lèl finn pase kite Kiba e li rete yon gwo fòs pandan lap avanse sou eta Florid.

Pandan siklon Irma ap dirije l sou eta Florid, responsab ofisyel yo aveti de milyon de moun pou yo retire ko yo anvan li tro ta pou fe sa.

Ofisyel nan Florid yo mande 5.6 milyon moun - ki plis pase yon ka popilasyon nan eta a – pou yo evakye anvan siklon nan rive sou yo dimanch. Gouvenè eta Florid la, Rick Scott, avèti popilasyon an, “Nou pa gen tan anko devann, tanpèt la prèske rive sou nou.”

Alp Inal ki se yon om dafè nan sidès Florid nan vil Miami di sèvis Tirki VOA a ke vil la sanble yon vil zombi paske pi fo moun kite l akoz lòd pou yo evakye.

Sa kapab pran apeprè 6 mwa pou restore kouran pou plis pase yon milyon moun nan peyi Pòto Riko, yon teritwa peyi Etazini kote siklon Irma te pase,

Imaj inondasyon nan Fòlibète, apre pasaj siklòn Irma sou peyi Dayiti.
Imaj inondasyon nan Fòlibète, apre pasaj siklòn Irma sou peyi Dayiti.

Irma te pase tou ann Ayiti ak repiblik Dominiken ki pataje zile Ispanyola kote li te pote gwo van ak anpil lapli men de peyi sa yo pat resevwa yon chok direk.

Nouvèl yo rapote ke kat moun pedi la yo nan Lezil Viej pandan ke te gen gwo destriksyon nan St Toma kote ke ni lopital, ni pò, ni konpayi ki fè tretman pye bwa te frape.

XS
SM
MD
LG