Accessibility links

Breaking News

Yon Bri Dwòl e Efreyan Se Mo sa yo Jounalis VOA, Serge Michel, Itilize pou l Dekri Eksperyans li ak Siklòn Irma


Yon nonm kap kouri sou twotwa Bayshore Blvd a nan Tanpa Florid pandan syèl la te gentan kòmanse move anvan siklòn Irma te rive nan Florid, 10 septanm 2017 la.
Yon nonm kap kouri sou twotwa Bayshore Blvd a nan Tanpa Florid pandan syèl la te gentan kòmanse move anvan siklòn Irma te rive nan Florid, 10 septanm 2017 la.

Nan eta Florid, 10 septanm 2017, yon siklòn san parèy ki te deja fè gwo dega nan plizyè ti zile nan Karayib la, ateri ak tout fòs li sou kot wès Miami yo rele Florida Keys West yo.

Plizyè pye bwa tonbe, ri inonde, blakawout nan plizyè vil ak anpil dega materyèl e lòt ankò moun poko konnen jan meteològ yo te deja prevwa li a. Lavwadlamerik te sou plas depi avan siklòn nan te rive nan Florid. Kolaboratè Sèvis Kreyòl VOA a, Serge Francois Michel, te viv sityasyon panik la nan eta Florid kote otorite yo te pase konsiy pou moun nan zòn a risk yo tankou bò lanmè ak plaj deplase al nan lòt zòn ou abri pwovizwa.

Serge te apran nou tou gen anpil abri pwovizwa ki te louvri toupatou pou moun ki nan zòn yo rele zòn wouj yo. Nan samdi 9 septanm pandan siklòn Irma tap frape peyi Kiba otorite yo nan Florid te anonse apati 4 trè aprè midi pou tout moun ki pat gen tan kite zòn yo ye a rete lakay yo jiskaske siklòn Irma fin pase.

Irma ateri nan Florid ak anpil lapli epi gwo van ak tanpèt. Yon bri dwòl e efreyan se mo sa yo jounalis VOA Serge François Michel itilize pou l dekri sitiyasyon an nan zòn kote li te ye a nan Miami ki ak yon distans 45 minit de Ti Ayiti, ou Liittle Haiti, youn nan pi gwo bastyon kominote ayisyèn nan Ozetazini.

Jounalis Lavwadlamerik Serge Michel te pale nan telefòn ak yon lòt kolaboratè sèvis kreyòl VOA a Arthur Jean Pierre.

Klike sou lyen odyo a pou w tande kouman Serge Michel te viv pasaj Siklòn Irma a nan Miami West, eta Florid.

Serge Michel ap dekri kòman li te viv pasaj siklòn Irma a nan Miami West, eta Florid.
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:19 0:00

XS
SM
MD
LG