Nan peyi Iran, laprès rapòte yon eksplozyon bonm nan Teheran touye yon pwofesè inivèsite . Pwofesè Mustafa Ahmadi Roshan t ap travay tou kòm yon chèchè nan pwogram nikleyè Iranyen an.
Ajans Nouvèl Fars di yon moun ki te sou yon motosiklèt, te plase bonm-nan anba machin Misye Roshan e otorite iranyen yo lage responsabilite atak la sou do peyi Izrayèl. Nouvèl yo fè konnen 2 lòt moun blese nan eksplozyon an ki fèt nan pati nò kapital la, Teheran.