Accessibility links

Breaking News

Ekzekisyon: Iran Kondane yon Boksè ki Enplike nan Plizyè Manifestasyon


AUSTRIA-EU-CHINA-IRAN-NUCLEAR-DIPLOMACY
AUSTRIA-EU-CHINA-IRAN-NUCLEAR-DIPLOMACY

Lajistis kondane yon boksè a mò nan peyi Iran pou wòl li nan manifestasyon ki te fet nan ane 2019 yo, dapre sa ONG dwa moun di Lendi.

Mohammad Javad Vafaei-Sani, ki gen 26 lan , te kondane a mò paske li te patisipe nan mete dife ak destriksyon yon bilding gouvènman an, dapre sa on ONG nan iran ki responsab Dwa Moun (IHR),nan Nòvèj.

Otorite yo te arete li nan mwa fevriye 2020, an patikilye pou patisipasyon li nan manifestasyon ki te fèt nan mwa Novanm 2019 ki te deklanche pa yon pakèt zak vyolans.

Avoka li a, Babak Paknia, konfime vèdik la sou Twitter e li te anonse entansyon li pou fè apèl devan Tribinal Siprèm lan.

IHR te dekri Vafaei-Sani kòm yon "chanpyon" boksè nan vil Mashhad.

Yon hashtag parèt sou Twitter, #SaveMohammadJavad (#SaveMohammadJavad), ki mande otorite yo sove lavi l.

Iran se peyi ki egzekite plis moun chak ane eksepte Lachin.

XS
SM
MD
LG