Accessibility links

Breaking News

Iran Rejte Apèl Etazini fè Pou Peyi a Retounen Avyon Siveyans Ameriken an


Minis afè etranjè a, Ramin Mehmanparast
Minis afè etranjè a, Ramin Mehmanparast

Iran deklare Lèzetazini ta dwe aksepte konsekans aksyon li apre yon avyon siveyans ameriken tonbe sou teritwa iranyen an, nan kòmansman mwa desanm nan.

Gouvènman Obama a mande ofisyèlman pou Iran remèt li aparèy la ; men minis afè etranjè a, Ramin Mehmanparast, di: okontrè ; se ekskiz Washington ta dwe prezante Téheran olye pou l ap reklame avyon siveyans lan.

Iran te plenyen bay Oganizasyon Nasyonzini pou ensidan « avyon siveyans la » e li repete pozisyon li, asavwa: Etazini ap vyole «dwa entènasyonal».

Pandan yon rankont ak jounalis yo lendi 12 desanm 2011 la, Prezidan Obama te refize fè kòmantè sou kesyon an ke l kalifye kòm yon kesyon «ransèyman klasifye».

Men ajans nouvèl yo di aparèy la, ki genyen teknoloji sofistike ki ka anpeche rada ennmi detekte li, te swa antre pa aksidan nan espas aeryen Iran depi tèritwa afgan an, swa li t ap siveye pwogram nikleyè Iran an.

XS
SM
MD
LG