Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump anonse yon apwòch tou nèf e byen sevè nan politik Lèzetazini vizavi Iran,


Prezidan Trump pandan li tap anonse chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Iran vandredi 13 oktòb 2017 la.
Prezidan Trump pandan li tap anonse chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Iran vandredi 13 oktòb 2017 la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, mande yon apwòch tou nèf e byen sevè nan politik Lèzetazini vi-zavi Iran, e li anonse Lèzetazini pral sispann bay gouvènman peyi sa a rekonenans kòm yon rejim ki respekte yon akò ki te siyen sa gen 2 zan sou pwogram zam nikleyè Teheran an. Sepandan, nan yon diskou enpòtan misye Trump fè jodi vandredi a, li pa mande pou Washington anile akò a.

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson --ki te rankontre sou dosye a ak laprès anvan Prezidan Trump te fè diskou a- te mete aksan desizyon Prezidan an pa gen okenn efè sou angajman Lèzetazini pran pou l respekte akò 2015 la --yon akò Washington te siyen ansanm avèk 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an plis Inyon Ewòp la.

Lidè Iranyen Khamenei Sepah
Lidè Iranyen Khamenei Sepah

Sepandan anvan desizyon Misye Trump la antre ann aplikasyon, Kongrè a dwe jete yon koudèy ankò sou yon lwa ki rele “Iranian Nuclear Agreement Review Act” -oubyen “Lwa sou Revizyon Akò sou Zam Nikleyè Iran an”; se yon lwa ki mande pou prezidan ameriken an pibliye chak 3 mwa yon sètifika ki rekonèt Iran konfòme l ak akò a; sètifika sa a rele “Plan Daksyon Konjwen Global” –abreje anglè JCPOA.

XS
SM
MD
LG