Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kèk Alye Ewopeyen Kondane Tès Wòkèt Peyi Iran an


Foto sa a Ministè Defans Iranyen an pibliye sit entènèt li 27 jiyè 2017 la montre lansman yon wòkèt nan Simorgh, Iran.
Foto sa a Ministè Defans Iranyen an pibliye sit entènèt li 27 jiyè 2017 la montre lansman yon wòkèt nan Simorgh, Iran.

Lèzetazini, Lagrand Bretay, Lafrans ak Almay konsidere tès ak wòkèt Iran fè sa pa gen lontan la a kòm yon aksyon ki pa mache ak yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini e li mande pou l ONU mennen ankèt sou sa.

Jedi 27 jiyè 2017 pase a, Iran te anonse ke li te reyisi yon tès wòkèt ak sisksè. Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, di lap travay ak peyi tankou Lagrand Bretay, Lafrans ak Almay sere boulon Teheran.

Prezidan iranyen an, Hassan Rouhani--te deja fè deklarasyon nan laprès lè Etazini te anonse li pral mete sansksyon sou Iran malgre akò ki te siyen ak Teheran sou adminstrasyon Obama a.

Mesye Rouhani te fè konnen mèkredi 19 jiyè 2017 la peyi li pral kanpe fèm devan Lèzetazini e li pral koresponn kif-kif ak tout sanksyon Washington ta enpoze sou Iran, san li pa bay plis detay.

XS
SM
MD
LG