Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Wete Lèzetazini nan Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an

Prezidan Donald Trump ki t ap anonse desizyon li pran sou pwogram nikleyè Iran an nan Salon Resepsyon Diplomatik La Mezon Blanch la nan Washington, DC, madi 8 me 2018 la. Lèzetazini kite sa Misye Trump rele "yon move akò miltinasyonal sou pwogram kikleyè Iran an" e li di Washington pral remete sanksyon sou do Repiblik Islamik la. (Foto: AFP / Saul Loeb).

Prezidan Donald Trump anonse, madi 8 me 2018 la, Lèzetazini ap kite Akò Entènasyonal sou Pwogram Nikleyè Iran an epi l ap remete sanksyon sou do Teyeran.

Kek èdtan anvan anons la, pou yon 2èm jou youn apre lot, Prezidan Trump te lanse gwo kritik sou ansyen Sekretè Deta John Kerry -youn nan prensipal achitèk akò a ke Iran te siyen avèk 6 peyi :Lachin, Larisi, La Grann Bretay, Lafrans, Lalmay ak Lèzetazini.Prezidan Trump deklare:

"Pou mwen menm se yon bagay ki klè: Nou pa ka anpeche Iran tounen yon eta nikleyè avèk akò pase e depase ki egziste a. Se poutèt sa m ap anonse jodi a Lèzetazini pral sòti nan akò nikleyè ak Iran an."

Prezidan Donald Trump ap siyen yon Memorandum Prezidansyèl sou akò entènasyonal konsènan pwogram nikleyè Iran an nan Salon Resepsyon Diplomatik La Mezon Blanch la, madi 8 me 2018 la.
Prezidan Donald Trump ap siyen yon Memorandum Prezidansyèl sou akò entènasyonal konsènan pwogram nikleyè Iran an nan Salon Resepsyon Diplomatik La Mezon Blanch la, madi 8 me 2018 la.

Prezidan ameriken an pase lontan ap pleyen dèske akò 2015 la, ki mande adousi sanksyon yo kont Iran dekwa pou l ralanti sou pwogram nikleyè l la, "se yon veritab dezas."

Sa gen 2 semenn, preziadn fransè a, Emmanuel Macron, te vizite La Mezon Blanch kote li te di li byen konnen akò ak Iran an pa pafè, men, daprè li, "Pa genyen yon plan B. "

Minis afè etranjè britanik la, Boris Johnson, te Washington lendi pou l fè demach bò kote gwo zotobre nan administrasyon Trump la e mande yo rete nan akò a. Li te rankontre ak tokay ameriken li a, Mike Pompeo, Vis Prezidan Mike Pence ak konseye sekirite nasyonal la, John Bolton.

Anvan Prezidan Trump te fè anons la, li te resevwa presyon ki t ap sòti tout kote (tankou bò kote lidè ewopeyen yo ki te vle èzetazini rete nan Akò a) avèk Izrayèl ki akize Iran dèske li se yon mantè, yon koken e yon trichè odasye e san wont.

XS
SM
MD
LG