Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Avizaje Plis Sanksyon Kont Iran, daprè John Bolton


Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki t ap bay yon konferans pou laprès avèk Konseye Sekirite Nasyonal La Mezon Blanch la, John Bolton, ki t ap vizite vil Jerizalèm.
Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki t ap bay yon konferans pou laprès avèk Konseye Sekirite Nasyonal La Mezon Blanch la, John Bolton, ki t ap vizite vil Jerizalèm.

Konseye La Mezon Blanch pou Sekirite Nasyonal, John Bolton, fè konnen desizyon pou remete sanksyon ekonomik sou do peyi Iran gen konsekans tèrib-tèrib e administrasyon Trump la ta renmen ale pi lwen ke dispozisyon ki te an plas anvan ane 2015, swa anvan siyati akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iranyen an.

Akò entènasyonal sou pwogram nikleyè Iranyen an te pote siyati diplomat peyi sa yo: Iran, Lèzetazini, Larisi, Lachin, La Grann Bretay, Lafans avèk Lalmay. Objektif li te reyalize se fè Iran mete limit nan pwogram li a a kondisyon pou peyi ki te siyen akò avek li yo leve sanksyon yo te pran kont peyi a e ki te gen move konsekans anpil-anpil sou ekonomi iranyèn nan.

Pandan Misye Bolton t ap vizite peyi Izrayèl nan jounen mèkredi 22 out 2018 la, li fè laprès konnen otorite ameriken yo deja pale ak peyi alye Lèzetazini yo pou mande yo kisa yo ta kapab fè an plis pou yo mete yon maksimòm presyon sou Iran --presyon maksimòm ki ta gen ladan n plis sanksyon ekonomik ak lòt pinisyon ankò. Sepandan konseye pou sekirite nasyonal la ensiste pou l di objektif la pa gen ladan n okenn plan pou chanje gouvènman an nan Teyeran. Misye Bolton di:

John Bolton ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Jerusalem, mèkredi 22 out 2018 la.
John Bolton ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Jerusalem, mèkredi 22 out 2018 la.

"Ebyen, just pou m pale klè sou kesyon an, kite m di chanjman gouvènman an nan Iran pa fè pati politik Lèzetazini. Men sa n ap mande, se gwo chanjman, bon jan chanjman nan fason rejim nan ap fonksyone."

Pami pèsonalite ki kritike akò a gen premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyuahu, ki fè konnen akò a bay Iran twòp avantaj alòske Teyeran pa fè ase konsesyon pou lòt peyi siyatè yo; epi Iran konsève posiblite pou l rapouswiv pwogram fabrikasyon zam nikleyè li a --yon opinyon John Bolton pataje.

Sepandan Iran ensiste pou l di pwogram nikleyè li a gen objektif pasifik sèlman; Epi, AEEA (Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la ki te jwenn nan men Konsèy Sekirite l’ONU an misyon pou l swiv Iran de prè pou wè si l respekte kondisyon ki nan akò a), ebyen, AEEA di daprè sa l konsate, jiskaprezan Iran konfòme li avèk antant entènasyonal la.

XS
SM
MD
LG