Accessibility links

Breaking News

Inivèsite Ameriken yo Pare pou Yo Ankese yon Gwo Bès nan Kantite Etidyan Etranje K Ap Frekante yo


Logo Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Ameriken (U.S. IMMIGRATION AND CUSTOMS ENFORCEMENT, ICE).
Logo Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Ameriken (U.S. IMMIGRATION AND CUSTOMS ENFORCEMENT, ICE).

Ozetazini inivèsite ki pare yo pou yo anrejistre yon gwo bès nan enskripsyon etidyan etranje yo ak yon gwo soustrasyon tou nan lajan etidyan sa yo abitye peye pou yo frekante lekòl siperyè nan peyi a, pral genyen plis rezon toujou pou yo chagren akoz yon desizyon gouvènman federal la pran pou l wete viza etudyan sa yo nan men yo si yo pa ale nan yon lekòl, yon fakilte oubyen yon inivèsite kote yo ka swiv kou yo an pèsonn, fizikman, e non sou entènèt la pandan semès k ap kòmanse nan sezon otòn nan.

Nan yon nòt pou laprès Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Ameriken pibliye nan jounen lendi 6 jiyè 2020 an, li deklare:

“Etidyan ki enskri aktyèlman nan pwogram sa yo nan inivèsite Ozetazini -pwogram ki ofri klas sou entènèt la sèlman- yo fèt pou kite peyi a oubyen yo dwe pran lòt dispozisyon, tankou transfere enskripsyon yo nan lòt lekòl kote yo va kapab suiv klas yo an pesonn si yo vle konsève viza ki otorize yo etidye nan peyi a legalman.”

Sèvis Imigrasyon ak Ladwann Ameriken an ajoute:

“Si etidyan etranje yo pa fè sa konsa, stati imigran yo kapab sibi konsekans yo -pami konsekan sa yo genyen, antwòt, lansman yon pwosesis pou otorite yo depòte yo.”

Esther Brimmer, ki se direktris jeneral Asosyasyon Pwofesè Etidyan Entènasyonal yo, bay yon reyaksyon depi jou direktiv tou èf sa yo paret la, swa lendi 6 jiyè a, reyaksyon kote li di li regrèt move konsekans desizyon sa a pral genyen sou etidyan etranje yo. Nan yon deklarasyon li fè parèt nan menm jou lendi a, li fè konnen:

“Nouvo règleman ki parèt jodi a fè etidyan entènasyonal yo mal anpil; an plis de sa, desizyon an pral mete an danje ni sante yo, ni byenèt fizik ak moral yo, epi se menm konsekans sa yo l ap genyen tou sou tout kominote edikasyon siperyè a. Evolisyon pandemi KOVID-19 la Ozetazini se yon bagay pèsonn pa kapab prevwa; alòs li ta bon pou yo fè enstitisyon yo konfyans e ba yo tout otorite ki nesesè pou yo pran desizyon ki korèk yo pou sa ki gen rapò avèk sitiyasyon an sou kanpis inivèsite yo selon sikonstans lokal yo.”

Bò kote pa l, Konsèy Ameriken pou Edikasyon an fè konnen, dapre kalkil li fè, sou plan jeneral enskripsyon elèv ak etidyan nan lekòl yo Ozetazini pral anrejistre yon bès 15% pou ane akademik 2020-2021 an, tandiske, pou sa k konsènen enskripsyon etidyan entènasyonal yo, bès la pral monte rive yon afè de 25%.

XS
SM
MD
LG