Accessibility links

Breaking News

Lidè Demokrat yo nan Kongrè Ameriken Ap Avanse ak Pwosesis ki Pral Debouche sou Jijman Prezidan Trump


Lidèship Pati Demokrat la ki deside avanse ak pwosesis jijman Prezidan Trump la: Nancy Pelosi (devan mikwo a), Jerry Nadler, Prez. Kom. Afè Jiridik Lachanm nan (agoch), ant yo 2 a nou wè Maxine Waters, Prez. Kom Sèvis Finansye, Richard Neal, Prez.Kom VwazeMwayen, ak Adam Schiff.
Lidèship Pati Demokrat la ki deside avanse ak pwosesis jijman Prezidan Trump la: Nancy Pelosi (devan mikwo a), Jerry Nadler, Prez. Kom. Afè Jiridik Lachanm nan (agoch), ant yo 2 a nou wè Maxine Waters, Prez. Kom Sèvis Finansye, Richard Neal, Prez.Kom VwazeMwayen, ak Adam Schiff.

Nan Washington, lidè demokrat yo nan Chanm Depite a (kote se pati yo a ki gen majorite a) anonse, madi 10 desanm 2019 la, yo pral òganize yon jijman kont Prezidan Donald Trump poutèt li vyole konsitisyon an yon fason ki menase sekirite nasyonal Lèzetazini. Om politik ki fè anons la se Nancy Pelosi, Prezidan Chanm Depite a, Jerry Nadler, Prezidan Komisyon Afè Jiridik Chanm Bas la ak Prezidan komisyon sèvis sekrè a, Adam Schiff.
Palmantè demokrat yo ensiste pou di gen prèv ki montre Prezidan Donald Trump fè enterè pèsonèl li pase anvan enterè siperyè peyi a, tankou sekirite nasyonal Lèzetazini. Nan moman Depite Naadler t ap fè anons la li repete akizasyon sa a yon fwa ankò.

“Li fè enterè pèsonèl li pase anvan enterè peyi a e li fè sa yon fason ki menase demokrasi nou an. Poutèt sa a, sèman nou te prete a, pwomès nou te fè pèp ameriken an mande pou nou leve pou n defann peyi a.”

Jerry Nadler (agoch) ak Doug Collins, 2 manm Komisyon Afè Jiridik Chanm Depite a dènye etap pwosesis ankèt ki debouche sou desizyon pou jije Prezidan Trump.
Jerry Nadler (agoch) ak Doug Collins, 2 manm Komisyon Afè Jiridik Chanm Depite a dènye etap pwosesis ankèt ki debouche sou desizyon pou jije Prezidan Trump.

Sepandan, palmantè repibliken yo pa dakò; yo reponn pou yo di opinyon Demokrat yo pa repoze sou anyen. Youn nan palmantè sa yo se Depite Doug Collins, pi gwo manm repibliken nan komisyon afè jiridik chanm bas la, ki fè deklarasyon sa a:

Pa gen pyès vyolasyon lalwa ou konstitisyon an la a; pa gen anyen Demokrat yo ka soumèt kòm prèv e pèsonn pa rive konprann vrèman kisa y ap eseye fè la a…eksepte ke yo ta renmen bloke pwosesis eleksyon an epi, pratikman, chache gen asirans ke, si yo jije prezidan epi yo jwenn li koupab, sa kapab anpeche li ranpòte eleksyon ane pwochèn nan.”
Kidonk, pandan tout dire chirepit politik sa a 2 kan yo pa janm kite parèt yon siyn ki ta montre yo vle antann yo pou yo wè sitiyasyon an menm jan. Okontrè; tandiske Repibliken yo di Prezidan an pa komèt okenn vyolasyon konsitisyon an, Demokrat yo, yo menm, ensiste pou di vyole lalwa se yon bagay Donald Trump ap fè depi li te monte sou pouvwa a. Youn nan pèsonalite ki pale pou l eksprime pozisyon sa a, se Mèt Barry Berke, konseye legal Pati Demokrat la. Avoka Berk di:

“ Abi-d-pouvwa, trayizon ki mete enterè nasyon an an danje, koripsyon nan eleksyon, Prezidan Trump pa komèt youn sèlman nan vyolasyon sa yo, men li komèt tou lè 3 kareman.”

Pandansetan, mèt afè a, Prezidan Donald Trump, pibliye yon tweet pou l di se avèk enpasyans l ap tann pou l wè pwosesis la kite Chanm Depite a pou l ale nan Sena a nan kòmansman ane pwochèn nan; paske li si e sèten Repibliken yo ki gen majorite a nan Gran Kò a, pral akite li san pwoblèm.

XS
SM
MD
LG