Accessibility links

Breaking News

Imigrasyon nan Mesaj Prezidan Trump sou Eta Inyon an


Prezidan Donald Trump ki t ap salye pibik la nan Kongrè a anvan li te prezante Mesaj sou Eta Inyon an..
Prezidan Donald Trump ki t ap salye pibik la nan Kongrè a anvan li te prezante Mesaj sou Eta Inyon an..
DOSYE IMIGRASYON NAN MESAJ PREZIDAN TRUMP SOU ETA INYON AN
Nan mesaj prezidan ameriken an, Donald Trump, mete devan 2 chamm kongrè a reyini nan sware madi 30 janvye 2018 la, sou sitiyasyon jeneral la nan peyi a ak relasyon ant Lèzetazini ak rès mond la, li te abòde, antwot, sijè ki te enterese administrasyon li a pandan premye ane li pase sou pouvwa Pami sijè sa yo genyen dosye Imigrasyon an, sitiyasyon an nan kèk peyi etranje tankou Kore di Nò, Iran, Venezuela avèk Kiba.
Pou sa k genyen rapò avèk imigrasyon an, Prezidan Trump pwopoze kèk chanjman nan sistèm nan nan kad aplikasyon yon plan daksyon tou nèf kap repoze sou 4 pilye:
Madmwazèl Angelica Magana, ki gen 34 tran, te antre Ozetazini ak paran li ilegalman lè l te gen 8 tan. Li tap reyaji sou pati nan diskou Prezidan Trump la kote li anonse yon nouvo plan ki pral ouvè chemen sitwayènte a pou jenn imigran parèy li yo. (Foto: Chicago, 30 janvye 2018).
Madmwazèl Angelica Magana, ki gen 34 tran, te antre Ozetazini ak paran li ilegalman lè l te gen 8 tan. Li tap reyaji sou pati nan diskou Prezidan Trump la kote li anonse yon nouvo plan ki pral ouvè chemen sitwayènte a pou jenn imigran parèy li yo. (Foto: Chicago, 30 janvye 2018).
PREMYE PILYE REFOM NAN SISTEM IMIGRASYON AN
Se yon plan-kadre ki pral ouvè chemen sitwayènte a pou anviwon yon milyon 800 mil imigran ilegal ki te antre Ozetazini san dokiman avèk paran yo pandan yo te timoun piti toujou. Prezidan Trump atire atansyon sou le fèt ke chif sa a (yon milyon 800 mil imigran an) depase 3 fwa lavalè kantite imigran yon pwogram li te jwenn an plas te vle ede. Men, pou yon imigran ilegal benefisye de wout sa a ki ka debouche sou sitwyènte, li dwe satisfè kèk kondisyon ki gen rapò ak edikasyon ak travay menm jan li dwe pwouve li genen yon bon karaktè moral.
2EM PILYE: BON JAN << SEKIRITE SOU FWONTYE YO >>
Prezidn Trump bay eksplikasyon sou sa l vle di pa "sekirite sou fwontyè yo": << Sa vle di se po nou bati yon gwo miray sou fwontyè sid la (kidonk, ant Lèzetazini ak Meksik); sa vle di tou nou pral anplwaye plis gason ak fanm vanyan pou garanti sekirite nan kominote nou yo. Plan sa a pral elimine twou vid ki genyen nan règleman sou imigrasyon nou yo e ki pèmèt kriminèl ak teworis antre nan peyi nou an. >>
3EM PILYE : ELIMINASYON LOTRI VIZA A
3èm pilye a se mete fen nan lotri viza a -swa pwogram ki pèmèt, o aza, yon etranje jwenn rezidans li Ozetazini san otorite yo pa pran an konsiderasyon tanlan li, merit li avèk sekirite pèp nou an. Daprè Misye Trump di:
<< Li lè, li tan pou Lèzetazini retounen nan sistèm imigrasyon ki base sou merit la: sètadi yon sistèm ki vize moun ki gen talan, ki vle travay, ki pral pote kontribisyon li nan sosyete nou an epi ki pral renmen e respekte peyi nou an. >>
4EM E DENYE PILYE: PWOTEKSYON POU NWAYO FAMILYAL LA
Prezidan Trump deklare:
<<Nap mete fen nan imirgasyon a la chèn nan. Avèk sistèm kraze ki an plas kounyela a, yon sèl grenn imigran gen dwa fè antre nan peyi a yon kantite enfini manm fanmi lwen li. Men, avèk nouvo plan nou an, nap santre atansyon nou sou manm fanmi ki pwèch-pwèch yo tankou mari, madanm avèk pitit ki poko majè. >>
Lidè ameriken an fini deklarasyon li sou dosye imigrasyon an avèk mo sa yo: “Refòm esansyèl sa a nesesè non sèlman pou ekonomi nou an, men tou pou sekirite nou e pou avni nou.”
XS
SM
MD
LG