Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Washington Pare yon Entèdi Ekspòtasyon Teknoloji nan Larisi


In this Jan. 18, 2022, photo, Russian President Vladimir Putin listens during a meeting in the Kremlin, in Moscow, Russia.
In this Jan. 18, 2022, photo, Russian President Vladimir Putin listens during a meeting in the Kremlin, in Moscow, Russia.

Yon gwo ofisyèl LaMezon Blanch deklare ke Lèzetazini pare, nan ka si Larisi fè yon atak sou Ikrèn, pou yo entèdi ekspòtasyon tout sak ki gen rapò ak teknoloji Ameriken nan Larisi.

"Opsyon sou kontwòl ekspòtasyon ke nap konsidere ansanm ak alye nou yo ta ap yon gwo souflèt nan anbisyon ke prezidan Putin genyen pou li fé ekonomi Larisi mache, desisyon sa ap afekte plizyè domèn ki enpòtan pou li, pa egzanp entèlijans atifisyèl,defans, ayewospasyal ak lòt. sektè kle yo ".

XS
SM
MD
LG